Nou pa bezwen anpil pou n tanmen nan atizay. Ennjy pwouve nou sa ak yon senp zouti nou itilize anpil fwa nan kizin, ki se alimèt. Si kèk fwa nou limen alimèt poun bay lamanjay fòm, Ennjy li menm, depi kèk tan, mete limyè sou kèk sitiyasyon k ap brase bil sosyete a, ak alimèt san li pa bezwen limen yo pafwa. Nègès sa a, pa twò lontan, n ap rele l, “Fanm alimèt la”.
Lanmò, lanmou, lespwa, laperèz, estrès, move nouvèl… se seri mesaj sa yo Ennjy fè pase ak bwa alimèt. Li ba yo fòm moun, epi mete yo kanpe nan yon fason pou l fè yo ekspime sa li vle nan moman an. Atizay sila a, ak alimèt yo, marande ak pasyon jenn fanm sa genyen pou fotografi. Dayè, se bèl kalite kout flach li ki pèmèt nou fè konesans ak zèv li yo.

Anpil nan zèv sa yo disponib sou paj “Facebook” Ennjy Perla Prinston, epi yon paj li kreye pou sa menm ki rele “Ashiki. Dènye zèv atis la se reprezantasyon yon jwèt tradisyonèl, kote 3 pèsonaj-alimèt ta sanble pare pou yo pran yon ribanbèl plezi nan sote kòd. Anpil moun k ap suiv atis la te sezi wè fwa sa a, pèsonaj yo te abiye. Ennjy te sèvi ak lòt zouti pou li mete rad sou alimèt yo. Se konsa nou ta pral tonbe sou kèk kòmantè tankou: “apa w abiye yo kounya?”, “ou toujou siprann mwen”, oswa “chapo ba”. Kòmkidire, Ennjy pa janm ezite pote yon ti diplis nan zèv li deside pataje ak piblik la.
Lide kreye ak alimèt yo pa debake yon bon maten. Ennjy rakonte pou l di: “Lide alimèt la tanmen nan moman m toujou ap chèche kisa m ka fè nan koze atizay; mwen te deja gen lanmou pou fotografi a men m poko janm pran kou ni fòmasyon sou li. Mwen senpman renmen fè oswa pran foto ak telefòn mwen; mwen renmen sa ki parèt konplike men Poutan ki senp e ki ka moutre yon senp mesaj”.
Li kontinye pou l di: “Se konsa mwen tonbe pou premye fwa sou yon foto alimèt yon fotograf endyen te fè epi m di mwen ka fè l, m ap eseye. Mwen tanmen bay bwat alimèt yo plis atansyon, mwen imajine yon konsèp ki ap sitou gen rapò ak nou menm pa bòrisit ann Ayiti e se konsa a Chak fwa mwen kreye ti tonton m yo ak ti madanm yo ak ti bwa alimèt yo. M fè konsèp la e mwen pran foto yo pou fè pase mesaj mwen vle a”.
Anpil moun ap mande jouk ki bò Ennjy ap bout ak koze alimèt sa a. Piblik la vle plis; pi gwo ak pi bèl bagay toujou nan men nègès la. Ennjy li menm poko ka oswa poko vle dirije, oswa fè pwojè a pi laj. “Sèl sa m ka di se lèse m ap lèse yo fè chimen yo” se sa l di.
Alimèt yo pa sèl materyèl Ennjy itilize nan kad bèl travay sa a. Fil akoud, kreziglou, se kèk lòt zouti ki mache bab pou bab ak alimèt yo.

Jenny PRINSTON, se bon non l. Men moun rele l Ennjy depi nan koze pwezi. Li etidye Lengwistik ak yon fòmasyon nan tradiksyon nan fakilte Lengwistik Aplike ki anndan Inivèsite Leta Ayiti. Jèn atis la gen 26 lane. Li ekri kèk fwa; li renmen tout sa ki gen pou wè ak koze Atizay.
Si anpil moun rekonèt Ennjy nan koze pwezi, alèkile, yon lòt kalte pwezi ap pran fòm ak bwa alimèt, nan djakout li.
Ewa Ennjy!