“Ou gen odas anpil. Paske nan sitiyasyon peyi a ye la, si ou ka gen kouraj pou ou chita reflechi pou rive ekri bèl pwezi sa yo, se kouraj ak odas. Se pou sa n ap remèsye w”. Mo sa yo te sèvi premis ak kesyon youn nan patisipan ki t ap entèvni jou dimanch 5 fevriye 2023 a nan vant siyati premye rekèy pwezi otè Dino pibliye anba banyè Edisyon Freda ki te fèt nan espas Ecole Chretienne Gramont Paul, ki chita kò l nan 59, ri Becassine nan ang chemin des dalles.
Se te anfas yon piblik san distenksyon laj, kote timoun ki fèk ap mamòte 2 mo te pèdi nan fouk granmoun, san konte majorite jèn fanm ak jenn gason, te chita nan lodyans ak otè a ki t ap pale sou eksperyans li ak angajman l nan zafè lakilti.
Sidney Dino Narcisse, se yon jenn gason ki diplome kòm plastisyen nan ENARTS, li se komedyen epi aktè sinema. Toujou nan pratik lakilti nou jwenn Dino kòm dizè, powèt, ki travay kòm animatè atelye lekti ak kilti. Atis la te mete sou pye Sant Kiltirèl Rapadou, ki chita kò l nan kafoufèy, men ak kèk lòt kanmarad li te al tabli Sant lan nan Jerizalèm 7 nan Bon-Repos.
Yon sivòl sou rekèy pwezi sa ka plonje nou nan refleksyon sou divès kondisyon peyi a konnen nan dènye tan sa yo.
“Tanto nou ka gade tèt nou: ” Idantine nou, San do, San fas “, tanto voye je sou enstitisyon yo: “Lajistis bò tab, Machann pawòl, Bafwe larezon pou trangle inosan.
Pou Dino Narcisse : rekèy sa ta dwe fè siksè nan mitan jenn ak granmoun ki pwal rekeyi yo nan bèl mo kreyòl ki mankonnen ak pozisyon l sou pwoblèm sosyete a.
Ekip Wosinyol.info swete otè a bon siksè ak nouvo rekèy sila