Pwofesè Yves Dorestal, rele sa : Mètdamoloji

Tankou tonton makout yo kite konn mete timoun nan lise yo te konn di: pa gen yon plas la, kite l chita la non

li pa bezwen konnen nivo klas la ni nivo elèv la. Men, koze w ap di l : pa gen plas ankò pou pran elèv ane sa nan lise a, se blag. moun sa yo ki konnen li gen pouvwa a, ki mande l souple fè pitit yo antre nan lise a,
pou li wont devan yo?

Si w gade byen, w ap wè Ayiti gen kèk jou l ap fonksyone konsa ” une démagogie aux sauces de fonctionnalisme

Si w bezwen wè demagoji tou santi kri isit, gade polisye ki nan lari a ki swadizan ap fè sikilasyon yo. Yo konnen pwoblèm sistèm lan pou pèmèt machin yo anrèg la, men, yo kanpe tankou se yon peyi leta bay sèvis yo kòrèkteman, se nòmal pou yo sanksyone sila yo ki pa respektè règ yo. Mwen ta byen renmen yon lè pou sikilasyon ta pibliye rezilta travay ajan li mete sou wout yo pou fè swadizan sèvis sikilasyon an…

Mwen wè kèk atè ak kèk enstans isit ki ap fè pwomosyon pou lang kreyòl fransize, ou ta di, se zak Gwo moso
sou channmas…ki mande pou yon ti kaporal arete yo wi.

Mwen panse, gen de tit oswa grad, tankou :
direktè, minis, medsen, senatè, depite, jij, avoka, pastè, pè, anseyan, jounalis prezantatè…e menm yon polisye.

Yon moun ki respekte tèt li ak gen respè pou sosyete l. Ta dwe franchman, avan sonje prepare moun li ye a avan li moun sa li vize vin ye a. se pou l ta bat pou li genyen yon minòm nan plizyè bagay esansyèl pou li ak sosyete a, tankou:

  • yon vi sosyal kòrèk
  • yon sante jeneral nan bon nivo
  • yon elokans ak kapasite pou respekte pwotokòl
    Mete sou konpetans / diplòm ki di li merite pòs la. Men, nou gen tandans anpil fwa isit, depi moun lan gen tit akademik, li kalifye pou pòs. Se pa papye yo, ki pral fè travay yo. Ni tou, sa genyen nan tèt ou yo, se pa ak yo moun ap premye kwaze, fwote nan anviwònman yo. Imaj ki dwe di de ou, ou se yon zetwal k ap klere sosyete a nan yon domèn oswa yon lòt la… Moun yo pa gen dwa pa wè l non.

Pare pou w tande ak gade pou w wè lè elèv ki fenk fini lekòl yo, ap prepare yo pou antre nan inivèsite. Yo prepare pou y al konpoze nan divès fakilte diferan ( lèt, syanzimèn, syans di, elatriye.) kote yo pase a, la y ap fè etid. Se pa yon kesyon oryantasyon parapò avèk sa yo idantifye lakay yo non kom talan oswa angouman. Se kanmenm fè yon bagay. Èske nou wè depi ki kote koze ” l’homme qu’il faut à la place qu’il faut” a tanmen bay pwoblèm?
Pwofesyonèl sa yo, anpil nan yo, rive nan monn travay la, se menm atitid la yo genyen: yo pran pòs sa pou yo kapab ap fè yon bagay, kanmenm, paske fòk yo viv. Sousi a se pa fè bagay la pou li bon, fè l pou li itil, ni nan plede fè l pou rann bagay la grandi, paske ou vin dekouvri plis fason ou kapab fè l…non. se pa rezilta, se fonksyone a.

Nan sans sa, li nòmal pou jwenn literè, avoka, anseyan, jounalis redaksyon oswa repòtè, elatriye, ki pè koze
l’art de la dialectique” kote yo jwenn tan ak lanmou pou yo reflechi, agimante, fè rechèch pèsonèl..?
yo pa kapab nan bagay sa yo, si etid oswa metye a se senpman pou yo fonksyone yo fè l. Se yon metye y ap fè pou yo viv, yo senpman ka vomi mo pou mo sa sèvo yo te anrejistre pandan tan etid la. Kounya, vin gen 2 lòt bagay grav kom pwoblèm, ki kapab mete sou konpòtman fonksyonalis demagoji sa. ” La nature a horreur du vide; et, il n’y pas de génération spontané ” w ap jwenn kanmenm kèk nan moun sa yo k ap sòti vedèt epi etabli sou sèn lan nan parapò ak sa y ap fè a, jan yo ye a. Eksplikasyon kijan fè yo vini vedèt la ka gen anpil fason ki lakòz. Men, youn nan teknik, se sa m ta entèprete lide
Gustave Lebon an :
Psychologie de la foule ou une démarche populisme en commençant par les plus faibles
se pa mwen ki di pawòl sa : au royaume des aveugles, les borgnes sont des rois
genyen yon kote yon moun kòmanse bay pèfòmans, avèk yon kategori moun ki swaf men ki pa twò gen limyè. Moun sa vin tounen kareman gwo solèy pou moun kote sa yo wi.
Si menm moun lan, fè l konsa nan 3, 4 kominote / avèk yon seri piblik ki gentan aklame ak pwoklame l…
elit la, ki plizoumwen avize a, tou genyen reta wi sou moun sa ki gentan monte eskalye a. Yo menm yo kapab pa janm konsome l, men yo oblije vann li, paske se tout peyi a k ap fè demagoji. Ebyen, lè vedèt sa etabli konsa, pakou l la tou tounen yon modèl pou moun swiv kareman. Kounya la, dezyèm pati a tou kòmanse, listwa pakou li a tou tounen yon fòm levanjil k ap vann tribòbabò. Se youn nan rezon, mwen gen perèz anfas tout sa foul ap bat bravo pou yo. Mwen gen ti dout sou tout pwodui ki nan kanpay. Jodya, fè yon koudèy nan sektè m ye a : liv ak lekti. Gade ki kantite moun ki nan kanpay la pou w wè. Komanse anlè, pase pran m nan mitan, rive anba… Je m ak zòrèy mwen ban mwen, yon kantite volim demagoji fonksyonalis anraje k ap fèt. Tande aktè sa yo k ap pale pou w wè. Gade mache liv la pou w wè. Gade kijan operasyon yo ap fèt pou w wè. Sanbliye, jodya, gen ekriven k ap mache ak liv li anba bra l pou vann yo tankou kokonèt…
Gade pifò listwa k ap ekri jodya yo pou w wè. sou plan sa, literati ayisyen kontanporen an sanble avèk monn mizikal la wi. Oswa petèt youn konplete lòt. Paske mizik la se tematik rapò fanm ak gason sou baz santiman, ak fè bagay, selman li plis trete. Ebyen, literati a li menm chita sou mizè peyi a, sitou andedan bidonvil yo, sa nou rele geto, epi denonse leta a.

Se tematik ou jwenn pi plis lakay anpil otè yo. Èske tankou Georges Castera Fils, te di yon lè : Jèn yo pa bande ! Mwen sipoze lè sa li t ap pale de enspirasyon. Èske se sa ki rive vrèman, moun yo manke enspire ? Mwen pa kwè se yon pwoblèm bande vre non. Se pito yo pwoblèm ouvèti. Lespri ak kè a manke marye, pou nanm pèfòmatè yo ta vibre pasyon.
Se parèt, se egziste, se fè yon bagay…koze a ye. Men, se pa yon koze bonjan lanmou, ki fè moun lan fè kò avèk sa l ap regle a vre. Lespri w remèt ou sa w ba li kenbe, lè ou mande li. Kounya pou ou jwenn plis pou w ba li kenbe,

  • fòk ou viv plis,
  • fòk ou mache plis,
  • fòk ou founi je gade plis,
  • fòk ou tande lòt moun plis,
  • fòk ou fouye ak poze kesyon plis…
    Pa gen tan pou sa yo,
    lè se tan ou volontèman dakò ap vann
    (genyen ki vann vyann pou yo ka vann tan…).
    W ap fonksyone, men, ou santi w pa fin vrèman alèz nan sa w ap fè a.
    Sa rele degaje pa peche.
  • Monn kwonikè espòtif la
  • monn emisyon lib tribin yo
  • pa pale menm pou gwo monn politik la
    se demagoji tou kri nèt k ap fèt. Pito nou lèd, nou la. Pa vre ?

ala anwonte pou yon peyi ki fè kalte gwo 1804 la.

Tout est littérature…

BWA PIWO

BWA PIWO

Read Previous

Bibliomania : Marc Kinley Exavier, la passion d’une cause choisie

Read Next

Les vendredis de la DNL : Alain Giles et KEB entre réflexion et performance

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular