SODÒM AK GOMÒ : 5 DEGRE LIBÈTINAY LAMORAL DWE APRANN POU LI KA BYEN JIJE MOUN YO

Se pou ” Masisi ak Madivin” Bondye te boule 2 vil sa yo : sodòm ak gomò; avèk tout moun ki ladan yo.
Se pawòl entèpretasyon sa ki vin levanjil, men ki pa kòrèkman biblik, moun ap di, repete, tande…depi yon bann tan. Se yon listwa ki dewoule nan bib la nan liv Jenèz chapit 19.
Ou menm ki kapab li, ki gen abitid li, ki konn li, vini nou li yon ti pati nan listwa sa pou nou wè kisa n ap konprann.

” Le soir, les deux anges arrivèrent à Sodome. Loth était assis à la porte de la ville. En les voyant, il se leva pour aller à leur rencontre et se prosterna face contre terre. 2 Il leur dit : S’il vous plaît, mes seigneurs, acceptez de faire un détour et de venir loger dans la maison de votre serviteur. Vous pourrez vous y laver les pieds, et vous y passerez la nuit, avant de poursuivre votre route.

– Non, lui répondirent-ils, nous passerons la nuit sur la place.

3 Mais Loth insista tant qu’ils finirent par accepter de se rendre dans sa maison. Il leur fit préparer un festin et cuire du pain sans levain et ils se mirent à manger.

4 Quand ils furent sur le point de se coucher, la maison fut encerclée par les gens de la ville : tous les hommes de Sodome, jeunes et vieux, étaient venus là du bout de la ville. 5 Ils appelèrent Loth et lui demandèrent : Où sont ces hommes qui sont venus chez toi cette nuit ? Amène-les nous pour que nous entrions en relation avec eux !

Nan sa mwen li a la, se tankou m wè Malte youn nan premye peyi ewopeyen ki bay moun ki gen laj 18tan ak plis dwa posede ak fimen yon kantite ” cannabis ” epi kisa abitan peyi sa deside fè se sèvi ak dwa sa yo genyen an pou kareman fè l tounen yon devwa pou tout moun an jeneral : fòk tout moun nèt fimen, kit yo vle, kit yo pa vle. Se sa nou ka rele vyolans kolektif la. Moun pa moun kote sa, anfas vis/mès/abitid sa. tout moun se lanmè san parapli anba lapli.
Tèks la bib la klèman demonstratif, tankou leta/otorite nan peyi Malte tande son klòch deriv la, li voye 2 ajan leta sou kouvèti san inifòm ale nan vil la pou al gade èske son y ap tande a se bonjan mizik sa vre ki ap jwe. Nan rès lekti pasaj biblik la, Lot ofri piblik la pitit fi li yo, paske 2 mesye sa yo se etranje, se pase y ap pase, yo pa gen anyen pou wè avèk mòd lavi nou ap mennen an isit la…piblik la reponn li : kiyès Lot panse l ye pou se li k ap di nou kisa pou nou fè ak kisa pou nou pa fè?
Alò, nou pa wè se yon degre entolerans ki te depase tout limit?

Masisi ak madivin pa ka yon pwoblèm pou Bondye, si nou kwè vrèman se li menm ki toupwisan, ki kreye lavi/linivè…li t ap tousenpman fè l pa posib, pa egziste.
Men, si li pèmèt sa egziste, petèt nan volonte pèmisib li, se paske nan volonte absoli li genyen yon rezon pou sa. Men poukisa mwen rete kwè se nan tatònman nou ye nou menm lèzòm. Se tankou nou plonje nan gwo basen ki plen avèk tout kalte jwèt, defi a se pou chak moun rive jwenn veritab jwèt pa li a ki pou fè li santi l alèz la.

Travay ki pi enpòtan, daprè mwen, pou chak moun ta fè anpremye depi yo parèt konsyan nan lavi, se ta chache idantifye w / konnen kiyès ou ye. Men, èske se pa yon misyon enposib sa ye?
Paske èt imen nan yon fòma elastik, tanzantan parapò avèk sitiyasyon oswa sikonstans yo li ladann lan, li pran yon fòm

( https://www.psychologue.net/articles/7-signes-dinstabilite-emotionnelle-comment-y-faire-faceQu’est-ce que l’instabilité émotionnelle ?
L’instabilité émotionnelle signifie qu’une personne finit par être imprévisible dans ses émotions et ses réactions aux événements. En d’autres termes, elles peuvent réagir de manière totalement différente à la même situation à chaque fois ).

Sa ki fè, lojikman, yon moun se vre genyen yon idantite sosyal parapò avèk yon seri de jès ak konpòtman repete yo konnen l apati de yo, men sa pa vle di se yon pwodi fini tankou moun sa totalman fin konnen kiyès li ye. Konnen ou se kareman yon zafè mach apre mach jiskaske ou rive nan lanmò ki se dènye grenn mach la.

libertinage:
nom masculin
désigne une manière de vivre libertine, c’est-à-dire déréglée dans sa conduite. Une façon de vivre sans respecter les bonnes moeurs.
Exemple : Quand je vous reproche d’être libertin, je ne fais pas allusion à un libertinage intellectuel, mais à votre vie décadente.
Synonyme : excès, dissolution, débauche, frasque
Contraire : puritanisme, chasteté, fidélité

Definisyon libètinay sa fè m sonje papa kouran ” Libertin ” an Maquis de Sade ki di : “
Je suis l’homme de la nature avant d’être celui de la société. “.

Se pa de filozofi Sade la mwen vle pale nan ti refleksyon sa. Men, mwen pito vle di, mwen konprann tout sa ki egziste nan lavi sitou isit la sou planèt tè a, yo la pou moun, menmjan moun la pou yo tout tou. Kounya se kijan pou demele fil kap la ki tout pwoblèm lan. Mwen rete kwè lamoral se yon zouti fren enpòtan pou tout sosyete, pou evite moun yo eksprime foli, anvi, swaf yo jan yo vle, nenpòt kilè, nenpòt ki kote. Men, pwoblèm lan se pa rive konnen oswa konprann espès imen an divize an plizyè tip de moun. Si latè genyen 7 milya abitan. se vre tout se imen men se 7 milya moun avèk anprent ki deferan. Pap kapab genyen yon lwa / yon moral se vre pou chak moun apa, men tou, koze yon sèl moral / lalwa a, pa dwe panse l ap kapab sène tout moun tou nan yon sèl panyen.
Genyen moun, sa w rele imoral / deriv / depravasyon an… Se li ki pou li, se ladann li bonjan byen, san sa li se yon nanm nan soufrans. Egz : lè yo dekouvri genyen moun mazochis, tankou pawòl ” Kle kouKenny Haïti lage toupatou a.

Genyen moun se foli ki pote yo fè eksperyans nan sans a, lamoral kondane a. Lamoral ta ka parèt gen rezon sou yo, paske se foli. Men, èt imen an eksperimantal tou. Pa bliye se nan tatònman nou ye n ap chache tèt nou. nan fim ki rele : Journal intime d’une nymphomane lan, aktris prensipal la pral konnen li renmen ” fessées ” pran tap nan konyen, pandan yon jès pou jwèt youn nan nèg li t ap fè bagay yo fè avè l…
Genyen moun se enfliyans { les mauvaises compagnies corrompent les bonnes moeurs…} Sa se klè. Men tou, se konnen koz yo anpilfwa ki fè moun lan oblije genyen frekantasyon sa yo.
Yon egzanp banal, tout moun sa yo sou tan Lot nan sodòm ak gomò a ki te masisi ak madivin lan…yon timoun ki leve jwenn paran l se la li t ap fè. ou panse li responsab sò li a, si li masisi oswa madivin tou ?

Genyen se nesesite, chache lavi ki petèt detwi lavi moral yo. Poukisa metye fè bouzen egziste?
Genyen anpil medam, tankou Edith Lefel chante l nan somnifere : alkòl ak dwòg ki detwi yo… Men genyen se move lavi, pa ka manje, pa gen mwayen pou viv, pitit san papa, elatriye
ki lakoz lavi deregle y ap mennen an (menmlè m toujou poze tèt mwen kesyon sa : èske metye bouzen an se pa yon bagay ki fèt espesyalman menm pou fanm ki nenfomàn / gason ki satiradis yo ?)

Genyen yon aspè kouran materyalis la avèk lasyans oksidantal la toujou vle fè nou neglije, kise pouvwa mistik-o-maji a.
Ayiti, pa kouri rale zouti lekòl ak sivilizasyon oksidantal la pou w chache konprann yon moun ki genyen yon pratik deregle lamoral kondane non. Isit Ayiti, yon timoun ka vin tounen gwo vòlè akoz li te sèl leve tapi lakay li pran yon 5 goud ankachèt, epi pàn kominikasyon nan fanmi an, lawonte mete pye, lè y ap mande kiyès ki deplase kòb la li pa di se li…epi sa w tande a, granmoun kay la fè sa l konnen l konnen dèyè moun lan pou tire lajan l lan, epi sa w tande a timoun lan grandi avèk vis la, jouk se li ki mennen l anba tè.

BWA PIWO

BWA PIWO

Read Previous

Pito yon moun fè mwen pèdi yon lajan, deranje mwen nan nenpòt ki bagay la, men ou pa fè m pèdi yon pwogram kadejak…

Read Next

Le Conseil Électoral Provisoire à l’épreuve du processus électoral

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular