Vakans lan rive
orevwa pwofesè
li lè pou n ale…
Talè konsa se pral peryòd dènyè egzamen.
Nan yon ti bat je la, klòch koup dimonn foutbòl la pral sonnen sou planèt la.
Ebyen, se pou sa, tout aktivite lekòl ap prese vit kouri pou yo gentan fini, evite twò ta bare yo.
Se yon pretèks konsa, fondasyon doktè Jimmy Fort, ki se esponsò ofisyèl yon gwo chanpyona lekòl avèk lekòl, ki fèt sou zile Lagonav la, jwenn pou fè yon gwo figi piblik konsa, Domond ( dyaz peyi a), monte bato, travèse rive kòm envite espesyal nan yon final ki te dwe fèt dimanch 24 me 2026 lan.
Moun Lagonav, espesyalman Pwentarakèt, resevwa kwonikè – lòt nivo, lòt nivo, lòt nivo a, tankou se te Lionel Messi ki te ateri nan vil la. Yo fè mayo avèk bandwòl pou di li byenvini. Laprès vin tann li depi sou pò. Yo pote balon pou li. Yo kontan manyen l, fè foto ak li. Yo chante pou li, epi akonpaye l rivr jouk nan otèl (Cosmopolite services) ki te pare espesyalman pou resevwa li a.


Pi gwo regrè Domond, se lapli kòm fanm rizèz, ki fache epi pete kriye sou zile. sa rann teren an peye match la te dwe jwe a, peye konsekans lan, 2 ekip yo oblije rete nan kanpe lwen : match la pa fèt.
Envite a, Domond, tèlman renmen jan moun Lagonav louvri bra yo pou akeyi l lan, se li menm ki di doktè Jimmy, an nou f on ti kite sou kote enstriman sosyal ou yo ( fondyasyon Jimny Fort ak komite sitwayen rezève; kise 2 tèt kole sa yo ki dèyè vini kwonikè a/ atis la, sou zile a…) an nou regle yon bagay sou baz lanmou. M ap rete pou demen, ki vle di yon jou anplis, sa pa nan kontra a. paske fòk mwen bay piblik sa lòv la jan yo montre m yo swaf li nan menm lan.
Domond retounen pran bato madi maten pou li tounen pòtoprens. Malerezman san posiblite anime match final la, jan volonte yo te mache kontre a.
Doktè Jimmy se tankou yon ti bondje k ap aji an 3 pèsòn sou zile Lagonav la :
- Li se manm (comité des citoyens réservés: CCR) komite sa ki regle aktivite nan lekòl / avèk lekòl sou zile a…
- Li mete kanpe (fondation docteur Jimmy Fort : FDJM) ki se fondasyon li, yon fason pou li bay èd ak pataje vizyon li sou zile nan divès fason. Tankou la, sot genyen yon seri timoun ki fini lekòl, ki sòt jwenn bous nan FDJF pou aprann syans enfimyè ak laboratwa nan inivèsite lagras, ki ansagalè… Genyen lòt ki nan Weslehem;
Sanbliye, yon pakèt lòt aksyon sosyal k ap fèt nan divès seksyon sou zile a, fondasyon an genyen men li byen fon plante dèyè yo - Jimmy genyen tou yon pwodiksyon ki rele Jagwa ( Jaguar ) ki la li menm pou akonpaye moun sou zile yo nan aktivite defoulay, rekreyasyon, pran ti plezi nòmalman san kè kase… Ebyen, pandan ti pasaj tou kout Harold Domond an sou zile a, byenserye!
genyen bèl ti pawòl ki pale, genyen gwo bout bagay ki sanble sou dife toufe. Nan youn nan entèvyou Domond bay yo nan mikwo laprès, li salye kokennchenn atis rapè Barikad crew a, Fantom. Se youn nan atis tout ti jenn dèyè lanmè a anpenpan ap mande doktè Jimmy, kilè Jagwa ap ba yo gwo kado sa, Fantom sou zile a pou vin ba yo lòv la?
Bri kouri, nouvèl gaye : sanble Domond avèk doktè Jimmy, pral chache yon jan pou leve defi a wi. Fantom se yon bonjan chay, 2 mesye yo ansanm, vle pote, pou fè l ateri vin eklate avèk timoun yo sou zile a. pwetarakèt : Men nonm lan!
Ranje kabann yo pou nou jwenn bonjan plezi. Byenserye!
Moun toupatou,
nou avèti : veye sa k ap sòti anba bouch Domond, depi nou tande dyaz peyi a louvri mikwo l.