Nou genyen yon gwo malè ki kareman tounen yon gwo van chans pou nou :
- Peyi a pa genyen chanpyona nasyonal foutbòl nòmal
- Ekip nasyonal nou an pa ka jwe nan estad Sylvio Cator, devan je piblik li a.
Epi, malè tounen bonè, se nan moman sa, nou jwenn disponib pou nou yon seri pitit ayisyen k ap jwe deyò ( plizyè nan yo fèt deyò) ki deside jwe pou seleksyon nou an. sa mache, fwa sa, pou yon dezyèm fwa, Ayiti rive kalifye pou li jwe koup dimonn. - Jwè yo montre yo gen talan
- Ekip la montre disiplin taktik ak teknik, tankou nenpòt lòt gwo ekip ki abitye jwe bon foutbòl
- Apre kalifikasyon an, nou jwe 4 fwa, nou pèdi 2 fwa, nou bat 1 fwa, nou fè yon match nil
Kisa pèdi ekip nou an, Ayiti, devan Pewou aswè 5jen 2026 lan, ta dwe aprann nou? - Premye bagay, daprè mwen menm: vè lanp nou te yon ti jan twò cho, sa te ka rive nou eklate lèd andedan koup dimonn lan… Pèdi nan sware sa, ki se dènye match jwèt avan bagay serye a, vle di nou : mete dlo nan diven nou !
Konsa pou nou pi 2 pye atè, avèk displin epi konsantrasyon pou nou toke kòn avèk 3 premye anfas nou yo nan gwoup C sa : Ekòs, Brezil, Mawòk. - Lòt bagay :
Nan match mwen gade a, genyen 3 bagay ki poko klè pou asire m:
- Tou 2 lèl seleksyon an pa montre kote ofansif la. Ou ka konte konbyen fwa genyen yon jwèt ansanm ki fèt ant lateral yo avèk atak la : konbyen sant?
- Bravo pou asosiyasyon Pierrot avèk Isedor a, men podyab oswa domaj, jwèt ansanm yo 2 a poko twò mache oubyen petèt, li manke defini.
- Pwoblèm k ap genyen pou li rive tout ekip yo, m rete kwè: fatig fen sezon an parèt klè nan janm jwè yo.nou wè presin ki rive fèt pandan 15 premye minit yo, ekip la pa rive kenbe l. Pewou pat mete n andanje, paske volim foutbòl yo a pa bon parapò ak nou. Epi, menm pandan yo fè 2 gòl nan dezyèm mitan an, se apati kònè,yon move degajman Placide; lòt la, yon neglijans nan pati devann lan, ekip la separe twò long, ant jwè ki retounen vin defann nan kare a, ak sila ki ret kanpe nan mitan teren pou fè rido… Imajine devan Brezil/Mawòk, Ayiti fè sèlman 15 presin.wo jan li fè devan Pewou a, epi ekip la repliye konsa, ba yo balon an?
Jodi a, konpreyansyon pa m, di mwen, antrenè a montre Nazon, domaj, plas li se sou ban, pou li kite Isidor ak Pierrot kòmanse. Paske, chanjman mete l nan dezyèm mitan, ba li atak la pou li mèt li, san prezans 2 nèg sa yo, ki lojikman nan diskisyon avèk li pou titilè a epi, podyab, Nazon remèt sa kom pèfòmans; se tankou yon glas antrenè a achte depoze l nan chanm Nazon.
Genyen 4 fason, pou yon ekip antre nan jwèt serye sere sa ki se tounwa, koup dimonn lan :
- Je vais être dominant, c’est aux autres de suivre mon rythme.
- Je serai en mesure de m’adapter aux adversaires tels qu’ils seront
- Je vais le jouer quand même, déjà être là c’est déjà une satisfaction
- Je vais me définir pendant le tournoi (sa ki te ka egzakteman ekip Ajantin lan apre li te pèdi premye match li a, nan koup dimonn 2022 a)
Kijan antrenè ki nan tèt peyi Ayiti montre li pral chwazi foure pye l nan batay koup dimonn sa?
Li pa fin klè, si nou ap gade sou match anfas Pewou a. Ekip Ayiti montre yon kapasite pou li ” altène” yon moman li kapab atake w, kenbe balon an; yon lòt, li ka dakò ou genyen balon an, epi li menm l ap veye fay, erè nan pas ak aksyon yo pou li atake w rapid apati de yo : se egzakteman konsa gòl Isidore a fèt nan match la. Èske chwa endous, encho sa, se pi bon fason ekip la kapab defini tèt li?
Pita, 13, 19, 24 jen 2026, ap rive, pou nou genyen repons lan. E se lè sa, andedan bagay serye a, pou chak viktwa fè nou peze sou akseleratè, tankou lè bal la pran, al dous, piblik la ap byen pase se moman pou animatè a ap rele : mete gaz nan dèlko a!