Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL) ap retounen pou 8èm edisyon li, soti 2 pou rive 6 desanm 2026, ak tèm vizyonè “Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl”. Evènman sa a ap mete aksan sou kapasite lang kreyòl pou sèvi kòm zouti pwodiksyon syantifik, pandan li ap akeyi ekriven ayisyèn Maude Heurtelou ak ekriven-kontè gwadloupeyen Benzo, pou louvri yon dyalòg sou plas kreyòl nan syans ak nan literati. Se yon moman refleksyon sou jan kreyòl kapab depase limit tradisyonèl yo pou vin yon lang rechèch ak inovasyon.
Jan Michel-Ange Hyppolite raple nou: “Limit yon lang, se limit moun ki pale lang lan.”* Pawòl sa yo vin mete aksan sou reyalite ke se pa kreyòl ki gen limit, men se itilizasyon nou fè ladan l ki ka rete limite. FEL 2026 ap chache kraze baryè sa yo pou montre ke kreyòl kapab sèvi kòm lang refleksyon, rechèch, ak inovasyon nan tout domèn, depi nan syans sosyal rive nan syans natirèl.
Nan sosyoloji, antwopoloji, medsin, ekonomi, jeni, ak anpil lòt disiplin, kreyòl gen potansyèl pou konstwi, aprann, ak transmèt konesans san restriksyon. Festival la ap vin tounen yon espas kote literati ak syans rankontre, pou revalorize lang manman nou kòm yon zouti modèn, efikas, ak inivèsèl nan pwodiksyon konesans. Anplis valorizasyon pwezi, woman, kont ak lòt fòm atistik, FEL ap mete aksan sou inisyativ ki ankouraje itilizasyon kreyòl nan domèn akademik ak syantifik.
Li ap bay vizibilite a etidyan ki ekri memwa inivèsite yo an kreyòl, pwofesè ki ankadre travay rechèch nan lang manman nou, ak inivèsite ki kreye kondisyon pou etidyan yo remèt memwa yo nan kreyòl. Nan menm liy lan, festival la ap mete devan kontribisyon entèlèktyèl ak inivèsitè k ap pwodui liv ak atik syantifik nan kreyòl, pou montre ke lang nan pa sèlman yon mwayen kominikasyon chak jou, men yon zouti ki kapab konstwi, analize, ak transmèt konesans nan tout disiplin.
FEL 2026 se yon moman ochan espesyal pou tout moun k ap fè syans pale kreyòl, e pou kreyòl pale syans. Avèk vizyon pou lavni, festival la ap trase chemen pou yon kreyolofoni syantifik ki mache men nan men ak yon kreyolofoni literè. Se yon apèl pou mete kreyòl nan sant pwodiksyon konesans, pou li vin yon lang ki sèvi nan tout nivo: nan atistik, nan syantifik, nan akademik. Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl! FEL 2026 se yon envitasyon pou n selebre kreyòl kòm lang syans ak lang literati, yon lang ki pa gen limit.