Envokasyon: Premye Albòm Lahens Paul alyas Maestro Ago kote vodou, tradisyon, ak atizay fè yon sèl

Nan yon epòk kote mizik ayisyen ap chèche renouvle rasin li yo, madi 3 mas 2026 make yon moman istorik pou Atis Lahens Paul, ke piblik la konnen sou non Maestro Ago. Hougan, ansyen chantè legliz, ak moun ki grandi nan koral Angel’s Family, li deside tounen nan rasin li nan bitasyon Mayisad pou ofri yon travay ki depase senp mizik: Envokasyon, premye albòm li, yon ofrann espirityèl ki rasanble douz moso mizik kote vodou, tradisyon, ak atizay fè yon sèl. Vant siyati sa te fèt nan danti Bar Restaurant & Night club Gonayiv.

Pèsonaj Maestro Ago se yon travèse ant de mond: chante legliz ak chante lwa yo. Li prezante tèt li ak senplisite:“Mwen rele Lahens Paul, yo rekonèt li sou non atis mwen Maestro Ago.
Chwa sa a se pa yon aza. Atis la deklare ke « se yon re-aprantisaj, yon re-envokasyon nan memwa kolektif ak nanm pèp ayisyen an. »
Chak moso sou albòm nan pote yon istwa. Genyen ki sòti nan kontak ak lanati, tankou Agwe Ta Oyo, enspire pa rivyè kote yo abitye benyen. Gen lòt ki sòti nan revelasyon espirityèl, tankou Avètisman, ki te anonse evènman ki t ap vini. Anpil nan chante yo ekri depi 2019, ane kote pwojè a te kòmanse pran fòm.
Daprè Maestro Ago, albòm nan pote tou yon anekdot etonan: kat espri te “reklame” tèt albòm nan: Zaka, Dantò, Damballah, ak Freda. Sa ki te lakòz kèk reta nan dat sòti a. Men, rezilta a se yon amoni pafè. Atis la rive marande pratik espirityèl ak bote mizikal.
Nan albòm Envokasyon, chak mizik se yon apèl, yon envokasyon. Se chan ki ka chante nan gwo seremoni vodou pou rele lwa yo. Tanbou ak ason, enstriman tradisyonèl yo, prezan kòm nanm vodou a. Paske, jan Maestro Ago di l:
“Pa gen vodou san yo.”
Albòm nan se yon temwayaj. Toujou daprè atis la, vodou pa sèlman yon pratik relijye, jan anpil moun toujou panse l, men yon atizay vivan ki gen kapasite pou touche emosyon, reveye memwa, epi kreye yon espas pataje ant moun ak espri.

Pou premye albòm li, Maestro Ago pa t pou kont li. Li te jwenn gwo kolaborasyon KenFs, ki pote enfliyans fò sou pwojè a, Maître JB Asani, yon samba ki reprezante tradisyon, PipoBlack, yon jèn chantè ki ap rantre nan endistri a.


Atis la pat rate okazyon pou salye travay pwodiktè yo ki konsidere. « Pwodiktè yo, menm si yo pa t konn atis la anvan, te travay ak kò ak nanm, tankou fanmi. Sa fè albòm nan vin gen yon chalè kolektif, yon enèji ki depase limit pwofesyonèl »
Malgre mank vizibilite mizik vodou nan endistri a, Maestro Ago pran detèminasyon pou l enpoze travay li. Li mete tèt li nan liy ak tras Azor, ki te louvri chemen an pou mizik vodou jwenn plas li sou sèn nasyonal ak entènasyonal. Envokasyon se yon repons a eksklizyon ki souvan fèt kont samba yo ak atis vodou yo. Se yon deklarasyon: vodou gen plas li nan mizik ayisyèn.
Envokasyon se plis pase yon albòm: se yon apèl pou alimante enèji ki nan nou. Mizik yo deja pote eksperyans vivan depi nan pwodiksyon. Pwojè Maestro Ago ap gade pi lwen: yon toune konsè pou fè odyans lan viv envokasyon an dirèkteman, nan vibrasyon tanbou ak vwa ki rele lwa yo.

Envokasyon se yon albòm ki mare rasin, espirityalite, ak mizik. Li se temwayaj yon Hougan ki chwazi sèvi ak atizay pou envoke memwa zansèt yo, epi pou mete vodou sou sèn mizikal ayisyèn ak mondyal. Se yon envitasyon pou tande, pou santi, pou viv yon eksperyans kote mizik ak espirityalite fè yon sèl.

Byron Lord Edwin

Byron Lord Edwin

Read Previous

Haïti face à son destin

Read Next

Hollywood est plus fort,The American Dream a gagné

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular