Pito yon moun fè mwen pèdi yon lajan, deranje mwen nan nenpòt ki bagay la, men ou pa fè m pèdi yon pwogram kadejak…

WA PA GADE NAN GLAS

” En effet, Hérode avait fait arrêter Jean, l’avait fait enchaîner et jeter en prison, à cause d’Hérodias, la femme de Philippe, son demi-frère, qu’il avait épousé.
Car Jean disait à Hérode : Tu n’as pas le droit de prendre la femme de ton frère.
Hérodias furieuse contre lui, cherchait à le faire mourir, mais elle n’y parvenait pas, car Hérode craignait Jean. Il savait que c’était un homme juste et saint. Il le protégeait donc. Quand il l’entendait parler, il en restait fort perplexe. Et pourtant, il aimait l’entendre. (Marc 6: 17-20) “

-James alyas Dekole- se te yon jèn gason ki te abite nan katye fòsenklè nan lane 90-2000 yo. Misye te yon aksyonè. te gen yon tan nan geto ayiti yo, jèn gason ki te gwo ponyèt, ki te kapab fè zak vyolans, ki konn goumen byen yo… Se konsa yo te rele yo. jouktan mayi a tonbe nan tè lapli ak solèy ede li grandi, aksyonè yo pran levèl. te kòmanse genyen aksyonè avèk kouto, vin genyen avèk manchèt, te kòmamse genyen avèk ti zam pòtatif : 22, 38, 45 elatriye. jodya se gang ki genyen.
James- se bon non li, mwen pa sonje siyati a, men Dekole a se te non aksyonè l, paske se te yon jèn gason ki te vrèman djougan, ki bonjan konn batay, ki pa pè afwonte pèpap. lè li bat yon moun, li dekole zo l… Misye te pratike jidoka, misye te bat fè, epi se te premye aksyonè nan fòsenklè ki te rive genyen yon zam nikle koulè ajan. mwen te aprann se te yon gran sè li ki laba ki te voye l pou li. Men, misye te yon flannè tou. Li te mekanisyen sou ray, zòn lekòl frè Jan 23.
chak aprèmidi lè li sòti nan garaj li pwòpte l byen pwòp, abiye byen fre (se te ra aksyè zòn lan ki te kòmanse swiv tras jennjan Fashion Jeff Paul youn nan zanmi danfans mwen, ki te desann sòti nan ri lareyinyon…) misye te gen yon fanm ofisyèl nan zòn lan, ki te rele Mamoune epi plizyè lòt menaj nan blòk ri antèman, ri charewon, bèlè, monseyè Giyou, elatriye. ebyen, se menn James Dekole – sa ki genyen ” kadejak ” kòm vis prensipal. Li menm ak estaf li òganize plizyè seyans kadejak nan zòn lan sou tifanm ki nan katye a oswa tifanm ki sòti lòt kote, ta bare yo nan zòn lan, oswa yo gen menaj/paran yo vin wè nan zòn lan, yo domi.
se menmjan jan sa ye jounen jodya pou nenpòt bèl tifanm ou wè/tande ki abite nan yon geto, fòk li se fanm youn nan estaf aksyonè a ki jodya se gwoup gang lan oswa li genyen yon moun pa l nan esta la. si se pa sa, nenpòt kilè w ap tande yo vyole l oswa menase fanmi l. Yon swa, te genyen yon kadejak ki te prepare depi nan lajounen sou yon jenn fi. epi genyen yon lòt jenn gason ki rele Ernest sou katye a, ki pat nan estaf aksyonè a. misye te genyen pwofil diferan, ti nèg ki te fè chimen lekòl, rive jouk nan lekòl teknik. jenn gason sa rele fanmi tifanm lan, li di l men kisa li tande k ap pare pou li, ke yo degaje yo fè tifi a pa rete nan zòn lan aswè a. Fanmi an te koute misye vre, yo fè tifi a kite zòn lan. Kou lè a rive pou ekip kadejak la te deplòtonen. ploton an deplwaye sou pyedestal, voye 2,3 solda al pran jibye a pou pote vini. gwo sipriz, ti manzè ak fanmi l bay kay la blanch, yo pa la. Mesye yo pa konprann. Epi nan mennen ankèt yo vin konnen se Ernest ki fè yo echwe a, ki devye plan an, fè gazèl la kite patiraj la.
Ahaaa zen pete…
Ebyen se konsa rive yon moman, James Dekole nan mitan yon foul moun ki kanpe sou 2ran k ap asiste eskonbrit la, di : Ernest, soti vin jwenn mwen la nan mitan lari a la, mwen pral bat ou epi blese w mete sou li, paske ou fèm pèdi manje a.
Pito yon moun fè m pèdi yon lajan oswa deeanje m nan ki nenpòt bagay la…men, ou pa deranje pwogram kadejak mwen

  • Quelle est la signification officielle du mot roi ?

un souverain ou un monarque de sexe masculin ; un homme qui détient à vie, et généralement par droit héréditaire, l’autorité principale sur un pays et un peuple

ti pati sa nan definisyon sou ki sa yon Wa ye a, fè m sonje pasaj biblik “1 sam 8 : 11-18”
kote yo t ap di Izrayèl men ki tout dwa/pouvwa yon Wa ap genyen sou li a…
Se akoz de sa menm ki fè mwen rete kwè yon Wa se pa yon moun ki renmen gade tèt li nan glas, pou li pa nan wè kijan li vrèman ye. pou li pa nan koze plonje nan remò konsyans, sa ki ap fè li parèt yon èt ki fèb nan je lòt moun.
Alò, kòm li se yon vivan imen ki malgre tit / responsablite / pouvwa Wa li genyen an, li pap pa fè erè… piga pyès moun tankou Jean-Baptiste oswa Ernest vin kareman di li kilè li vyole prensip, kilè li fè yon flay, kilè li melanje penso l…
Wa pa konn fè erè, se senpman dè enbesil tankou Ernest / J. Baptiste sou baz lafwa, fran pale, nonm ki dwat…ki pou oze fè betiz sa, kanpe di Wa a aksyon sa li fè a la, li pat gen dwa pou li te fè l.
Podyab, se enbesil tankou Ernest /Jean Baptiste ki toutan santi nesesite pou li di ak nenpòt ki moun lan kisa li: santi, konnen, panse…
Moun yo gen esten wayal, yo pa renmen bagay konsa/laverite pa byenvini sou tab konsyans yo.

*Ernest se moun sa ki di *Jozèf*, monchè mwen panse zak kontinye taye fanm sa, pandan ou byen avèk mari l la. tout lajounen ou lakay yo a, w ap bwè gwòg avèk nèg la… Sa pa fè sans non, epi w ap riske lavi w, e menm w ap fè tout moun ki frekante w parèt pou menm tip moun ak ou, paske yo
kapab al fè menm mòd bagay sa yo…
*Ernest* kareman oze plizyèfwa di dòk Luc, monchè m panse li lè wi pou ou antre lakay ou, paske ou gen madanm ak pitit k ap tann ou. ou deyò depi gwo bonè, li pral 10zè aswè, plezi a bèl se vre, men responsablite fwaye a se devwa w tou. ou pap dakò pou fi a ta jui tout libète sa… Lol, poutan se dòk la wi k ap peye gwòg estaf la ap vale yo…
Ernest se moun pou li tante devye yon pwojè nan tèt zanmi l pwofèt Elisée, yon moun selman pale de yon koze fanm ak nonm bò kote yo,i tou pwofite tire yon toya pou li di koze : ou pwòch nèg la, ou pale ak li toutan, ou konn pran kout gwòg ak li epi w ap karese lide pou w taye ti fanm li an, sa se mantalite ras kabrit wi. aksyon moun trèt.
L’ap di li ankò: Nou kay tifanm kafou a toutan, nenpòt ki lè nou ale manje, bwè, benyen, elatriye, se nèg li a ki laba k ap swe nan peyi blan an voye ti lajan an. toutan fi a fè nou pale sou watsap avèk nèg la…pouki foli sa pou w genyen plan taye fanm sa la?

Sa se kèk zak pawòl, koze fran pale towo sa. Se yon bagay depi toupiti l ap fè, li te fè moun pè pale avèk manman li depi li la, paske yon lè te gen yon vwazin ki t ap bouyi yon zen avèk manman li sou yon lòt, kou lòt la vin lakay li a, devan manman l li kareman di vwazin lan men sa yo t ap di sou li…

Alò, lè yon moun anime avèk foli,tankou se yon lwa Wa ki sou li, li pa wè l pa tande, sa l ap fè yo, ki fè li plezi a, se sou li pye vitès li kole…kounya lè genyen yon moun ki san entansyon mechan, ki parèt ki di li yon verite ki dwe fè l teke fwen l sou otowout li ye a, sa deranje Wa a.
Wa kapab byen renmen ak respekte moun sa, tankou sa te ye pou Janbatis la, men deranjman an konn fè tach ( la menm, mwen mobilize Freud nan enkonsyan /sibkonsyan …) menm lè Wa a pa volontèman anrejistre okenn rankin kont glas sa ki vin ralanti l nan kous li a, gen memwa nan kò imen Wa a ki pap janm bliye sa. Ki vle di, jan pwovèb la di a : jou fèy tonbe nan dlo se pa jou sa li pouri.
Pa toujou kwè jou yon moun eklate sou ou oswa ba ou move jan, se egzakteman pou yon bagay nan prezan li genyen kont ou. Moun pa konn alèz bò kote moun ki gen fran pale, k ap di verite, ki toujou sou diskite, k ap toutan tante anpeche l fè betiz…
pale yon politisyen bon zanmi w mal pou move jesyon l ap fè pou w wè, sa k ap pase, si l ap toujou zanmi w menmjan an vre?
Lespri a kapab trè rekonesan paske ou sèvi l yon glas ki fè li wè tèt li sou wout danje a li ye a, men santiman lakay moun lan ki tankou yon timoun piti inosan se foli k ap mennen l lan, li pap alèz avè w menmjan an paske ou se yon jandam sou wout juisans lavi li.
Moun konplike anpil wi mezanmi.

BWA PIWO

BWA PIWO

Read Previous

Emeline Michel : Mwen pare

Read Next

SODÒM AK GOMÒ : 5 DEGRE LIBÈTINAY LAMORAL DWE APRANN POU LI KA BYEN JIJE MOUN YO

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular