EY ! PE LA !

Yon son ki tankou yon klaksonn ki mache anpilfwa avèk jès, pou ba li plis fòs.

Kijan si sa w ap fè m lan, li ban mwen doulè,
pou ou anpeche andedan m pouse rèl ki ap rive nan riyèl konsyans oswa sansiblite w la ?

Modèl klaksonn ki mache avèk zak sa, ou jwenn li anpil nan ti peyi tankou Ayiti yo, kote nan anpil fanmi, edikasyon an mache avèk baton.
Papa / manman an, pou pini timoun lan ki fè, dapre yo, yon dezòd, fòk li pase timoun lan kèk palavire, kèk kout fwèt, kèk sabò, wouze po l ak kout frèt…se fason sa pou yo korije timoun lan.

  • Lide mwen nan ti refleksyon sa, se pa chita sou kesyon : èske li bon oswa pa bon pou genyen zak fizik nan edikasyon. Sa se yon lòt deba, ki ap bon pou nou fè l, san lage atè pawòl tou fèt, parapò avèk kijan sa ye lòt kote, nan peyi nò yo.
    Nati ak reyalite nou pa menm, li pa lojik tou, pou tout jan yo ye se konsa pou nou ye…

Men, la, mwen ap eseye reflechi sou koze a, fason sa :

  • Li klè nan tèt ak nan atant tout moun, depi w ap kale yon timoun, l ap kriye, bay dlo nan je, pouse rèl, pou di kijan sa w ap fè l lan la, se pa karès li ye, men se soufrans li pote…
    (malgre, nan zak fè lanmou / plimen,
    genyen de seri zak vyolans, kèk moman ki sanble pote vinèg nan soup mayas la…li ede moman an genyen pi bon gou. Yo rele sa : mazochis / masochiste ).

Kounya, kesyon an, se : pouki ou pa kapab tande li k ap pouse rèl la, poutan se ou ki pase kle estat sirèn sa l ap pouse a ?

Mwen panse genyen 2 repons posib pou sa :

  1. Yon veritab bouwo / sikopat, k ap bat yon timoun oswa yon granmoun, epi li anpeche l pouse rèl…se yon fason pou li asire l doulè li ap lage nan moun lan, fök li vrèman genyen gwo efè li vle a. Paske, pouse rèl la se yon fòm terapi pou dekonprese venn, lache nè yo, ki nan moman doulè oswa stress, genyen posiblite pou fè gwo dega nan sante moun lan…

( https://www.tf1info.fr
Pourquoi gémir et crier quand on a mal, nous fait nous sentir mieux )

Sa vle di, kriminèl la kapab vle anvlimen soufrans l ap bay moun lan, li pa vle kite andedan an voye deyò anyen nan move flanm k ap boule a.

  1. Moun kom antite nan rèy bèt la… se yon èt ki sansib.
    Yon èt imen ki nan yon kategori nou kapab kalifye nòmal (ki vle di li pa yon sikopat…),
    wè / tande doulè moun, pa fè li byen. Ebyen, yon moun ki gen dlo nan je, k ap kriye, sa touche dirèktrman kè l, li pa kapab viv avèk sa.
    Lè moun lan di lòt la : ey ! Pe laaaa… Se pa entelijans li ki pale, se sansiblite l, paske doulè lòt la rive pèse li tou.

M ap sonje manman m m te konn ap bat mwen epi l ap kriye oswa apre li kriye plis pase m. Yon nan rezon, koze bay baton an, li pat vrèman pran plezi nan fè sa, kontrèman avèk papa m.

Si nou dakò avè m, nou ap di : ey ! Pe la !
Se yon zak yon bouwo fè, pou li asire l li kangrennen andedan yon lòt; oswa, se yon zak lach, yon moun ki imen fè, paske li kapab ap fè aksyon ki ap bay lòt la doulè a, men, li pa kapab jere ti grenn dife doulè boule k ap vole sòti antre lakay li a.

Mwen se yon moun ki pouse rèl tout kalte, tanzantan : dlo nan je, louvri gagann rele, ekri di kisa k ap fè m mal, kijan mwen santi m… Paske, tankou jan Aly Larivière di sa nan youn nan mizik li yo :
mwen se yon nanm toumante.
Mwen genyen anpil fwa dè bagay ki fè andedan m pa genyen lapè ni lajwa. Men, parapò avèk rèl mwen yo, lasosyete, podyab, sòti pou kangrennen andedan m, paske yo pa vle mwen rele.

a) Pleurer, c’est pour les filles !
Un garçon, ça ne pleure pas.

b) moun yo sansib, yo pa kapab andire ti grenn dife m k ap vole al jwenn yo a, sa boule emosyon yo

c) genyen yon fòm rapò 6 avèk 9 nan demach kèk, tankou la : si w ap soufri, se fòt ou.
swa ou te fè sa w pat dwe fè, oswa, se ou ki pa fè, sa ou dwe fè yo.

PS: lol. Kiyès isit ki egzakteman fason li t ap renmen ye yo ?
Lèzòm tèlman pa konn satisfè. Si genyen yon moun ki toujou kapab fè sa li dwe fè yo, ou kwè moun sa patap konsakre Wa pou tout latè ?

Genyen plizyè fason wi mwen rete kwè, yon moun kapab konpòte l oswa aji, parapò avèk yon moun k ap kriye, gen dlo nan je, tris, pale de pwoblèm…sa deranje l.

Ban m kite ou reflechi ak yo non pou kont ou.

kredi foto:Mario Vilvalex

BWA PIWO

BWA PIWO

Read Previous

HAÏTI VIZYON lance une pétition nationale pour promouvoir la production locale

Read Next

Football : le Real rechute, le Barça enchaîne, City punit Liverpool, Arsenal tombe encore

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular