Lè tradisyon rankontre modènite, menm Gede sanble ap suiv evolisyon tan an!
Chak ane, lè mwa oktòb rive nan dènye liy li, yon fenomèn kiltirèl ak espirityèl kòmanse pran lari ann Ayiti: Gede. Pou kèk moun, se moman pou rann omaj ak mò yo, pou lòt moun, se yon okazyon pou chante, danse, brase senti, voye pawòl piman bouk epi fè lari a tounen yon espas ekspresyon san parèy. Men, dèyè tout animasyon sa a, gen yon kesyon ki merite atansyon nou: èske Gede ap chanje, oswa èske se sosyete ayisyen an k ap chanje fason li viv tradisyon an?
Pou nou konprann kesyon sa a, ann fè yon ti bak.
Nan tradisyon vodou ayisyen an, Gede se yon fanmi espri ki asosye ak lanmò, mò yo, simityè, men tou ak fètilite, seksyalite, imè ak kapasite pou pase nan betiz sa ki fè moun pè. Gede pa senpleman yon senbòl lanmò, nan anpil ekspresyon kiltirèl, li raple moun vivan yo jan lavi frajil, jan lanmò inevitab, epi jan ri kapab yon fason pou fè fas ak sa ki fè nou pè.
Se nan kontèks sa a nou ka konprann plas Gede nan memwa kolektif nou.
Nan jenerasyon granparan nou yo, fenomèn nan te gen rit pa li. Moun te abitye wè Gede yo pran lari nan yon peryòd ki te pi pre fen mwa oktòb, premye ak 2 novanm yo, lè anpil moun t ap rann omaj ak mò yo epi ale nan simityè. Timoun te konn ap tann moman sa a ak kiryozite, pafwa ak laperèz, pafwa ak anvi ri, pandan granmoun te konn kanpe pou gade moun ki t ap danse, brase senti yo epi lage pawòl ki te konn fè kèk moun sezi, lòt moun ri.
Nan je anpil moun, se te yon pratik ki te gen plas li nan kalandriye kiltirèl la. Li te gen yon tan, yon espas ak yon anbyans ki te fè moun rekonèt peryòd la.
Men, nou rive nan 21yèm syèk la, epi gen kèk bagay ki sanble ap chanje.
Jounen jodi a, ou pa bezwen tann dènye semèn oktòb la pou w kòmanse santi anbyans Gede a. Depi premye semèn mwa a, pafwa menm anvan sa, ou ka deja wè siy fenomèn nan ap pran lari. Sa ki te sanble gen yon sezon byen defini parèt ap elaji sou kalandriye a.
Epi, se pa sèlman kesyon dat la!
Gen yon lòt bagay ki frape m: fason kèk nan moun k ap reprezante Gede yo deplase ak fason yo itilize espas piblik la. Nan tan lontan, lè w t ap gade kèk nan yo, ou te ka remake yon demach ki te fè pati pèfòmans lan. Men, jodi a, nan kèk sèn lari, ou wè Gede sou moto, wout yo vin pi laj pou yo, deplasman yo vin diferan, epi pafwa ou ta di menm fason pou idantifye pye dwat ak pye goch la jwenn yon ti mizajou!
Pa pran sa pou yon etid syantifik sou Gede, non! Se yon obsèvasyon, yon fason pou mete aksan sou kontradiksyon ki parèt lè yon tradisyon ap viv nan yon sosyete kote mwayen transpò, abitid ak konpòtman moun ap chanje.
Men, pi gwo chanjman an, selon mwen, se pa moto a. Se lè nou kòmanse remake fenomèn nan ap parèt pi bonè, pran plis espas epi antre nan yon lòt ritm pase sa anpil nan nou te konn konnen.
Lè sa a, kesyon an vin pi entèresan: èske se tradisyon an ki ap evolye, èske se moun k ap pratike l yo ki ap adapte l ak epòk la, oswa èske se fason nou menm n ap gade l ki chanje?
Nou pa ka inyore enfliyans sosyete a. Teknoloji, rezo sosyal, telefòn entèlijan ak fasilite pou fè videyo sikile kapab kontribye nan fason pratik kiltirèl yo vin pi vizib, jwenn plis odyans epi atire plis moun. Yon sèn ki te konn rete nan yon lari kapab kounye a parèt sou ekran plizyè milye moun nan kèk minit. Sa pa vle di teknoloji se sèl rezon ki dèyè chanjman yo, men li kapab akselere fason fenomèn nan gaye ak fason moun wè li.
Anplis, nou dwe poze kesyon sou limit ki genyen ant tradisyon, ekspresyon espirityèl ak espektak. Èske tout sa nou wè nan lari pandan peryòd Gede a gen menm sans espirityèl? Èske gen moun ki patisipe nan pratik sa yo akoz kwayans yo, pandan gen lòt ki plis enterese nan animasyon, plezi, popilarite oswa opòtinite pou fè lajan? Èske tout moun k ap mete makiyaj, rad oswa akseswa Gede yo ap viv menm reyalite a?
Li enpòtan pou nou pa mete tout moun nan menm panyen. Yon tradisyon kapab gen plizyè dimansyon, epi sa yon moun ap viv kòm yon eksperyans espirityèl kapab parèt tankou yon senp spektak nan je yon lòt moun.
Men, se la yon lòt kesyon parèt, yon kesyon ki petèt pi pwofon pase tout blag nou ka fè sou moto ak pye dwat-gòch.
Si mond pa nou an ap chanje chak jou, si fason nou deplase, kominike, travay, danse ak selebre ap transfòme, èske nou dwe atann tradisyon espirityèl nou yo rete egzakteman menm jan yo te ye nan jenerasyon pase yo?
Epi, lè nou remake chanjman nan fason moun ap reprezante Gédé, èske nou ka konkli mond espirityèl la ap chanje tou? Oswa èske sa nou wè a se sitou yon chanjman nan konpòtman moun vivan yo?
Se la nou dwe fè diferans ant sa nou obsève ak sa nou kwè. Nou ka remake dat yo sanble ap avanse, nou ka wè nouvo mwayen deplasman, nou ka tande nouvo pawòl epi obsève nouvo fason moun ap fete. Men, nou pa kapab pran obsèvasyon sa yo pou prèv ki ta montre mond espirityèl la ap swiv menm chanjman ak mond materyèl la.
Petèt se pa Gede ki chanje. Petèt se moun k ap viv tradisyon an ki chanje. Petèt se fason jenerasyon pa nou an ap antre an kontak ak eritaj kiltirèl li ki vin diferan.
Oswa, petèt, nou poko fin pran tan pou nou poze bon kesyon yo.
Paske, nan yon peyi kote tradisyon, relijyon, kilti ak lavi chak jou konn kwaze nan menm espas la, Gede pa sèlman yon fenomèn pou nou gade epi ri. Li kapab yon pòt pou nou konprann relasyon nou ak lanmò, memwa, idantite, libète ekspresyon ak evolisyon sosyete nou an.
Anfen, si menm fason Gede parèt nan lari sanble ap evolye, èske se mond mò yo ki vin pi modèn, oswa èske se nou menm, moun vivan yo, ki pote modènite nou an antre nan fason nou reprezante mò yo?
Mwen pa gen repons lan. Men, yon bagay sèten: nan peyi sa a, menm lè n ap ri, nou konn ap poze kesyon ki merite refleksyon serye.
Epi, si ane pwochèn Gede yo kòmanse fè anons sou rezo sosyal pou di nan ki lari y ap pase, pa sezi! Petèt se pa mond mò yo ki gen Wi-Fi, se mond vivan an ki pa janm sispann konekte tout bagay ak teknoloji!