Nan dènye tan sa yo, non komedyèn Katiana Milfort ap sikile anpil sou rezo sosyal yo. Gen moun k ap klewonnen li pa malad vre, tankou si soufrans li se te yon jwèt. Men reyalite a pi rèd pase pawòl mechan sa yo.
Maten an, pandan yon apèl videyo sou WhatsApp, Katiana te pale avèk dlo nan je. Li rakonte kijan li te oblije rive Kiba twò ta pou jwenn swen, lè yon pati nan kolòn vètebral li te gentan pouri. Doktè yo te oblije retire pati ki te domaje a pandan operasyon li. Rezilta a se yon lavi ak pwotèz, ak sis vis nan kolòn li. Katiana di li riske pa janm mache ankò.
« Miché cheri doudou, se ak yon pwotèz, 6 vis wi m pral fè rès vi m… M riske pa janm ka mache ankò nan vi m », se pawòl ki soti nan bouch li pandan li t ap kriye. Pi douloure toujou, li ajoute : « Katiana w la wi Miché ki p ap ka reyalize tout pil gwo rèv li yo. »
Malgre tout sa, gen pawòl ki ka ba li fòs. Yon pawòl rapè Kery James nan mizik À l’horizon raple li :
« Même en fauteuil roulant tes rêves peuvent encore courir. »
Soufrans Katiana pa sèlman fizik. Li oblije sipòte mokri sou rezo sosyal yo ak silans moun ki ta dwe leve vwa yo pou defann li. Sitiyasyon sa a montre kijan mechanste ak manti ka touye espwa yon moun.
Pou pote sipò, yon sware solidarite ap fèt nan Coin Doux restaurant, rue de la Marquise, Delmas 83. Zanmi, fanatik ak moun ki kwè nan rèv Katiana yo envite pou vin pote kontribisyon yo. Atis ki ta renmen pèfòme nan sware a kapab kontakte òganizatè yo nan 34 92 4040.
Nan jou k ap vini yo, plis detay ap bay sou evènman an.