Rafinhamania

Raram di : ou pa bezwen kraze kò w…men kijan yo fè l.
Nan ka ekip baselòn lan, ant Rafinha avèk lòt jwè yo, kiyès k ap bat kò; Kiyès k ap montre men kijan yo fè l la ?
Inisyal, baz jwèt ekip foutbòl baselòn lan, se egzakteman : pa kraze kò. Se pou sa filizofi jwèt yo a se posesyon ak eleborasyon. sa ki vle di : toujou genyen boul la. Fè boul la sikile depi sòti nan gadyen an e menm tounen sou gadyen an apre li fin rive nan pye atakan yo…si li poko lè pou advèsè a krake, bay twou vid pou premye gòl la fèt.

Pwofil Rafinha li menm kom jwè nan jwèt sa, se totalman kontrè. Se yon jwè tonik, ki chita enpòtans jwèt li sou kòpilans li avèk sa fòs li pèmèt li.
Kijan yon maryaj konsa, ki se mete solèy avèk lalin ansanm, andedan yon syèl, rive fèt san li pa bay gwo dlo k al koule nan je, neye lanmè ?
Se tankoh endous ak encho wi, lè timoun ap sote kòd kote ki genyen gran lakou.

” Rafael Alcântara do Nascimento”, nou plis konnen sou nom Rafinha “
Se youn nan pi bèl manti ki verite nan jwèt la pandan tan sa yo la.
Li make anpil. Mete l agoch, adwat, nan pwent, nan mitan teren an, mete l kom demi oswa lateral… Li pap plenyen, l ap degaje l. Mande l pou li kouri tout kò teren an pandan yon match, baton, l ap fè l. Anplis, sou plan karaktè, ou ta di se li ki tonton tout lòt jwè yo ki nan menm ekip ak li a, telman lidèchip li fè li jwe wòl kapitèn lan avèk oswa san brasa. Li gen vitès. Li gen gwo frap. Li menm genyen sans tire konfran, ki miyò pase anpil lòt k ap travay sou teren sa, depi lè nou pa ka konte sou tirè patante yo, ki sou 3 eseye, atann nou youn ap antre a.
Mwen di anpil bagay wi la kom zam pou yon jwè foutbòl. Nan ki sans kounya la, Rafinha, ta yon bèl manti verite a?

Nan jwèt la, ekip yo defini parapò avèk stil jwèt y ap pratike. Se pou sa genyen ki jwe : ofansif, defansif, elaborasyon, atak plase, tranzisyon rapid, elatriye.
Ekip baselòn yo
toujou renmen ak bezwen jwè ki nan relasyon damou avèk boul la. Pa fè kò balon an fè l mal, se pa li ki ènmi nou an, se pito sila yo ki ap bare nou an, pou anpeche n plede fè boul la antre nan filè a…
Rafinha pa yon jwè ki gen bonjan resepsyon, kontwòl asire. Se pa yon jwè ki nan koze drible. Li pa gen pasyans pou li fè alèzman sa ki rele pas a 10, ekip posesif yo renmen fè a. Se petèt chak loray fè bitay ou ka jwenn yon bèl jès teknik lakay li. Sa kapab enève w lè w ap gade kantite boul li pèdi akoz move kontwòl, move pas misye l ap fè nan yon match…poutan, pa etone w nan menm match li se li menm ki fè 3 gòl.

Tankou jodya dimanch 14 mas 2026 lan, pou match Baselòn anfas FC Sevi a. Li pase 82 minit sou teren an, li choute 3 fwa nan gòl, li fè 3 gòl. Li pa fè pas desizif, li pa pran katon. Li fini pibon jwè match la, ki fini 5 gòl a 2.
Mwen t ap gade match la, chak faz elaborasyon basa yo, depi boul lan rive nan pye Rafinha pou fè kontinite sikilasyon boul la…nan kalkil pa m, 80% mal pase. Poutan, jodya li jwe tout kò teren an, telman enèji li pèmèt li sa. Antrenè a pwofite de li pou double makaj yo sou jwè k ap pote boul la oswa ki kapab pote danje, nan ekip anfas la.
Li fè 2 gòl sou penalite, epi li mete yon gwo bout chout devan yon defans chaje ak moun, kote li parèt nan manch malèt la, fè yon kontwòl pou voye boul la sou bonjan pye li, epi l vip… Boul la fwote avèk defans lan avan li antre nan filè a.
Rafinha se youn nan jwè kad ekip basa sa. Menm gen anpil moun ki rete kwè, ane pase li te dwe genyen konkou pou balon dò a. Bon, se ta dwe lojikman yon kesyon kritè. Depi selon kritè yo li te sanble pi plis pase lòt yo, fòk yo te ba li pri m lan.
Men, kisa yon modèl jwè tankou Rafinha, ta balon dò, ap pote pou jwèt la?
Mwen santi repons ak kesyon sa, se gwoup mizikal ayisyen an, Zenglen ki genyen l: Rezilta
Se rezilta selman ki konte…
Nan ka ekip tankou baselòn avèk reyal madrid, kèk ekip tou tankou Bayèn minik, Asenal… Rezilta se li ki pi enpòtan, men se pa sèlman li non ki konte. Yo genyen filin pa yo ki defini yo. Piblik yo a fin gate nan sans sa. Lè ka yo grav, yo oblije konsantre sou rezilta a pou kenbe tèt yo anlè dlo a. Men, kou yo santi zafè yo bon tout bon, yo pa tankou Jouventous nan peyi itali, ki pa bezwen konnen si l bèl, si l lèd, se rezilta ki koze pa li, li menm.
Èske sa te vle di Rafinha anpeche Basa bèl ? Oswa jodya Basa poko bonjan pran vitès kwazyè li, se sa ki fè yon jwè itil tankou Rafinha, men ki pa gen pwofil pou filozofi ekip la, toujou la a?

Antouka, prezans li pa yon pa yon favè. Li kareman montre bèlte avèk lèdte, yo tou 2 sou latè, pa gen rezon pou yo tou 2 pa ka abite menm kote.
Ti mesye, nou leve pifò, nan menm lekòl pase balon an…fè sa nou konn fè, pa kraze kò nou. Men, mwen Rafinha, sa rele kraze kò a, se li ki zam pa m, se li mwen konn fè. Chans pou mwen, lanati beni m, li ban m on bèl pòtray pou sa epi m gen anpil souf. Fè pas, m ap fè gòl yo epi mwem toutan ede nou make tout kote nou gen bezwen sou teren an pou m bouche twou…

Èske modèl foug ak enèji sa ap kapab itil ekip foutbòl Brezil la, ki genyen jwè diferan, ki ap evolye nan mòd jwèt ki jodya poko defini, pou koup dimonn lan?

Èske Rafinha kapab lidè teknik yon ekip foutbòl, ki pa gen estil Atletiko madrid?

BWA PIWO

BWA PIWO

Read Previous

Concours national de dictée de la Francophonie 2026 : la jeunesse haïtienne à l’honneur

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular