Nan lakou DNL la, Laviwonndede lanse dezyèm inisyativ li, Laviwonn Bwakayiman, yon espas pou reflechi sou memwa nasyonal ayisyen an. Men, si konferans yo kite an
pil kesyon san repons, atizay la, memwa a ak angajman piblik la rive bay rankont lan yon lòt souf.
Vandredi 21 out la, nan espas Direksyon Nasyonal Liv la (DNL), Laviwondede te envite piblik la nan yon rankont ki te mete Bwakayiman nan sant yon refleksyon sou fason Ayiti rakonte pwòp istwa pa li.
Men, LAVIWON Bwakayiman pa t kòmanse ak konferans lan. Depi midi, espas la te deja pran yon lòt koulè ak plizyè aktivite ki te mete liv, atizay ak kilti nan sant jounen an. Te gen vant ak siyati liv, pami yo Mèt Fèy Vèt, Kitanago( entre mythes et réalité), ansanm ak ekspozisyon tablo, ki te bay piblik la posibilite pou dekouvri lòt fason pou rakonte ak prezève memwa.
Sou papye, sijè a te lou. Nan sal la, kesyon yo te menm pi lou.
Entèvansyon akademik yo te rich, dokimante e chaje ak referans. Men, longè prezantasyon yo ak lefèt ke yo te sanble deja byen prepare te pafwa kreye yon distans ak kesyon ki te soti nan moderasyon an. Piblik la te jwenn anpil eleman pou reflechi, men pafwa li te kite sal la ak plis kesyon pase repons.

E se petèt youn nan limit yon rankont konsa: lè yon konferans prepare twòp pou pale, li ka pèdi yon pati nan kapasite li pou tande epi reponn.
Malgre sa, refleksyon yo te pote kèk kle enpòtan.
Madam Suze Mathieu, atravè yon apwòch ki te travèse antwopoloji, relijyon ak memwa, te pèmèt piblik la retounen sou kèk tèks ak referans ki ede konprann pawòl yo atribiye ak Boukman. Li te mete aksan sou fason diferan pèp ak diferan tradisyon kapab konprann Bondye, yon apwòch ki pèmèt depase lekti senp oswa lejandè pou chèche konprann siyifikasyon yon pawòl revolisyonè nan kontèks li.
Pou Jhon Picard Byron, kesyon an ale pi lwen pase Bwakayiman kòm yon evenman istorik. Li touche dirèkteman fason nou konstwi memwa nou. Dapre lojik refleksyon li, fòk nouvo naratif nou yo pa efase reyalite dominasyon kolonyal ak esklavaj la, paske se nan konprann sistèm sa yo nou kapab pi byen konprann kèk nan kontradiksyon Ayiti ap viv jodi a, epi chèche konstwi yon lòt diskou sou tèt nou, diyite nou ak valè nou kòm pèp.

Lè akademik rankontre ak atistik la
Edouard Baptiste, ke nou konnen plis sou nom Youyou, te pote yon enèji ki te chanje atmosfè a. Avèk kapasite li pou mare tèks lòt otè, mizik vodou ak pwezi, li pa t sèlman fè yon pèfòmans: li te montre kijan memwa kapab viv nan vwa, nan kò, nan mizik ak nan mo.
Se la Bwakayiman te sanble soti nan liv pou antre nan lavi.
Premye inisyativ Laviwonn Bwakayiman pa t pafè. Te gen moman ki te long, kesyon ki te rete ouvè, epi yon dyalòg ki ta ka pi dirèk ant entèvenan yo ak piblik la. Men, petèt se pa kantite repons yon aktivite konsa bay ki dwe mezire valè li sèlman.
Paske yon bon rankont pa toujou fè moun soti ak tout repons yo. Pafwa, li fè yo soti ak pi bon kesyon yo.
E si, malgre fatig, piblik la te rete jouk nan fen an, se paske yon bagay te rive kenbe l: Bwakayiman, memwa, kilti ak kesyon sou kiyès nou ye kòm pèp la te depase mi konferans lan.
Pou yon premye inisyativ, se deja yon siksè.
Rete kounye a yon lòt defi: fè Laviwonn Bwakayiman tounen pa sèlman yon espas kote nou sonje sa ki te pase, men yon espas kote nou poze kesyon sou sa memwa sa a dwe pèmèt nou vin ye.