Ki malè ki pandye sou avni kreyòl la nan pwodiksyon konesans syantifik?
Chak 28 oktòb, Ayiti mete lang ak kilti kreyòl la nan mitan refleksyon pou selebre idantite li, konsève memwa li epi reflechi sou avni pèp la. Men, pi lwen pase selebrasyon an, gen yon kesyon fondamantal ki merite atansyon nou: èske nou kapab fè kreyòl la tounen yon lang pwodiksyon konesans syantifik san nou pa koupe rasin istorik, kiltirèl ak senbolik ki fè li sa li ye a?
Nan yon epòk kote lasyans ak teknoloji ap transfòme lavi moun, defi a pa sèlman tradui konesans nan lang kreyòl. Li se tou devlope yon fason pou poze kesyon, konstwi konsèp epi pwodui konesans apati eksperyans, panse ak reyalite pèp ayisyen an.
Lang pa sèlman yon zouti kominikasyon. Li se yon mwayen pou moun òganize eksperyans yo, transmèt memwa yo, entèprete mond lan epi konstwi relasyon ak lòt moun. Se poutèt sa, reflechi sou avni kreyòl la mande pou nou egzamine relasyon ki genyen ant lang, listwa, kilti, pouvwa ak konesans.
Kesyon an, finalman, se pa sèlman si kreyòl la kapab pale sou lasyans. Se si li kapab sèvi pou pwodui teyori, devlope metòd, prezante rezilta rechèch epi patisipe nan gwo deba entelektyèl sou avni limanite.
- Depi pawòl granmoun rive nan memwa yon pèp
Anvan liv, anvan kaye, anvan lekòl jan nou konnen l jodi a, te gen vwa. Te gen granmoun k ap rakonte istwa ak kont, manman k ap chante pou kalme pitit yo, moun k ap bay konsèy bò dife, peyizan k ap pataje eksperyans yo, ansanm ak pwovèb, chante, rit ak lòt fòm ekspresyon ki te sèvi pou transmèt memwa kominote yo.
Se nan lavi sa a oraliti pran rasin li. Li pa sèlman yon fason pou pale. Li se yon mwayen pou konsève eksperyans, transmèt valè, esplike evènman epi pèmèt jenerasyon yo antre an relasyon youn ak lòt.
Nan refleksyon li sou literati ak kilti Karayib la, Maximilien Laroche ede nou konprann relasyon konplèks ki genyen ant oraliti, oraliti kreyatif, literati ak ekriti. Apwòch sa a envite nou konsidere pawòl pèp la pa kòm yon senp tras tan pase, men kòm yon eleman ki kontinye enfliyanse fason moun kreye, rakonte epi reprezante reyalite yo.
Pou nou konprann dimansyon istorik oraliti ayisyen an, fòk nou retounen sou plizyè etap nan listwa zile a: prezans pèp endijèn yo, kolonizasyon Ewopeyen an, komès esklav transatlantik la, fòmasyon sosyete kolonyal la, Revolisyon ayisyen an, endepandans lan ak devlopman panse ayisyen an rive jouk jounen jodi a.
Anvan kolonizasyon Ewopeyen an, pèp endijèn ki te abite zile a te gen pwòp lang pa yo, pwòp tradisyon oral pa yo ak pwòp fason yo te transmèt konesans. Kolonizasyon an te pote vyolans, maladi, depòtasyon ak destriksyon ki te frape popilasyon sa yo anpil.
Apre sa, komès esklav transatlantik la te mennen moun ki soti nan divès pèp ann Afrik nan koloni Sen Domeng lan. Moun sa yo te pote lang, kwayans, rit, memwa ak pratik kiltirèl pa yo. Nan kondisyon esklavaj, dominasyon ak rezistans sa yo, divès fòm kominikasyon ak lavi kolektif te kontribye nan fòmasyon lang kreyòl ayisyen an.
Kidonk, kreyòl ayisyen an pa soti nan yon sèl sous. Li fòme nan yon istwa rankont, kontrent, adaptasyon, rezistans ak kreyasyon. Li pote tras plizyè eritaj, men li devlope pwòp estrikti lengwistik li ak pwòp fason pa li pou eksprime eksperyans istorik pèp ayisyen an.
Oraliti a pa t disparèt lè ekriti te kòmanse pran plis plas. Li kontinye viv nan chante, pwovèb, kont, pwezi, diskou politik, pratik Vodou, memwa fanmi, eksperyans agrikòl ak fason kominote yo esplike lavi, malè, chans ak lanati.
Se poutèt sa, lè nou pale de oraliti ayisyen an, nou pa sèlman pale de sa ki te egziste anvan ekriti. Nou pale de yon fason pou transmèt konesans, entèprete reyalite epi konsève eksperyans kolektif.
Oraliti a kapab sèvi kòm yon sous rechèch ki gen anpil valè. Men, pou li antre nan pwodiksyon konesans syantifik, fòk nou dokimante l, mete l nan kontèks li, konpare temwayaj yo epi egzamine limit sa li pèmèt nou konnen.
- Lang kreyòl la devan de sèn reprezantasyon
Nan La double scène de la représentation : Oraliture et littérature dans la Caraïbe (1991), Maximilien Laroche egzamine relasyon ant oraliti, oraliti kreyatif ak literati nan kontèks Karayib la. Refleksyon li ede nou konprann kijan diferan mwayen reprezantasyon antre an relasyon nan yon sosyete kote lang yo pa toujou gen menm prestij ni menm pouvwa enstitisyonèl.
Nan kontèks ayisyen an, franse te jwenn yon plas privilejye nan anpil enstitisyon administratif, edikatif ak kiltirèl, tandiske kreyòl rete lang majorite popilasyon an sèvi chak jou.
Nou kapab analize sitiyasyon sa a atravè de sèn ki mare youn ak lòt.
Sou premye sèn nan, gen enstitisyon ofisyèl yo, ekriti administratif, diplòm, piblikasyon akademik ak estanda entelektyèl ki sèvi kòm siy otorite. Sou lòt sèn nan, gen lavi kominote yo, ak pawòl yo, memwa yo, kwayans yo, eksperyans yo ak fason yo entèprete mond lan.
Pwoblèm nan pa egzistans de sèn sa yo. Pwoblèm nan se yerachi ki kapab mete youn anlè lòt, tankou si sa ki ekri te nesesèman pi serye pase sa ki transmèt oralman, oswa tankou si yon lide te gen plis valè paske li eksprime an franse pase lè li eksprime an kreyòl.
Yon kont pa tounen yon etid syantifik sèlman paske li gen anpil sajès ladan l. Men, lefètke li soti nan tradisyon oral pa vle di li pa gen valè kòm tras memwa, eksperyans oswa vizyon yon kominote.
Menm jan an tou, yon tèks syantifik pa vin valab sèlman paske li ekri an franse, an angle oswa nan nenpòt lòt lang ki gen gwo prestij akademik. Se kalite metòd la, prèv yo, analiz la, agimantasyon an ak posibilite pou lòt moun egzamine rezilta yo ki soutni kredibilite syantifik li.
Se la gwo kesyon an chita: èske kreyòl la kapab antre nan inivèsite, laboratwa, sant rechèch ak domèn teknoloji san li pa pèdi relasyon li ak eksperyans istorik pèp ayisyen an?
Pou reponn kesyon sa a, nou bezwen depase lide ki fè nou kwè gen yon lang ki fèt pou panse epi yon lòt ki fèt sèlman pou pale. Tout lang ki devlope nan yon kominote kapab sèvi pou konstwi refleksyon, depi moun yo devlope resous lengwistik ak enstitisyon ki nesesè pou travay sa a.
- Oraliti, mit ak sa ki pa toujou parèt nan konsyans
Pou nou konprann relasyon ant lang ak konesans, nou dwe egzamine tou relasyon ki genyen ant oraliti, mit, senbòl ak konsyans moun.
Nan lavi yon pèp, tout sa moun konnen pa toujou pran fòm yon teyori byen òdone. Gen konesans ki soti nan eksperyans, nan jès, nan abitid, nan obsèvasyon, nan memwa kò a ak nan relasyon ant moun. Gen lòt ki transmèt atravè imaj, senbòl ak istwa kote yon kominote reflechi sou orijin li, lavi, lanmò, lanati ak sa li poko rive esplike.
Michel Boccara, nan La part animale de l’homme, pwopoze refleksyon sou mit ak relasyon ant moun, lanati ak imajinasyon. Ernst Cassirer, nan Language and Myth, montre kijan mit kapab sèvi kòm yon fòm senbolik ki ede moun òganize eksperyans yo epi bay mond lan sans. Georges Bataille, nan Théorie de la religion, egzamine relasyon ant lavi imen, sakre, entèdiksyon ak eksperyans ki pa fasil redui nan yon kalkil itilite.
Travay sa yo ofri diferan pèspektiv pou nou poze yon kesyon enpòtan: èske tout sa ki gen valè nan eksperyans imen dwe pase nan filtè yon rezon ki separe li ak emosyon, kò, memwa ak senbòl?
Nan tradisyon ayisyen an, pwovèb, kont, chante, pratik relijye ak pawòl granmoun kapab pote refleksyon sou jistis, respè, solidarite, lanati ak limit pouvwa moun. Yo kapab tou bay chèchè yo endikasyon sou fason yon kominote konprann tèt li ak anviwònman li.
Sepandan, nou dwe fè yon distenksyon enpòtan. Yon kwayans kapab gen gwo valè kiltirèl, istorik oswa senbolik san li pa yon prèv eksperimantal. Yon istwa tradisyonèl kapab ede nou konprann memwa yon kominote, men sa pa vle di tout evènman li rakonte te fèt egzakteman jan yo prezante yo.
Se menm distenksyon sa a ki pèmèt nou respekte tradisyon an san nou pa abandone lespri kritik la.
Lè nou etidye yon pratik tradisyonèl, nou kapab poze plizyè kesyon: Ki eksperyans ki bay li nesans? Ki fonksyon sosyal li genyen? Ki sans moun yo ba li? Ki eleman ki kapab dokimante? Ki sa nou kapab verifye atravè obsèvasyon oswa lòt metòd rechèch?
Se konsa, oraliti ak mit kapab antre nan rechèch syantifik san nou pa konfonn fonksyon kiltirèl yo ak verifikasyon syantifik. Yo pa oblije ranplase lasyans pou yo gen valè kòm sous refleksyon ak rechèch.
- Ekriti, logos ak konstriksyon lasyans
Si oraliti pote memwa, senbòl ak eksperyans kolektif, ekriti pèmèt nou konsève lide yon fason ki pi estab, konpare agiman, konstwi achiv epi fè lòt moun egzamine sa nou pwopoze.
Ekriti se youn nan zouti limanite devlope pou òganize ak transmèt konesans. Nan tradisyon filozofik grèk la, nosyon logos la gen plizyè sans, tankou pawòl, diskou ak rezon. Li te jwe yon wòl enpòtan nan devlopman kèk apwòch filozofik ki chèche esplike mond lan atravè agimantasyon ak analiz.
Men, li ta twò senp pou nou prezante listwa panse a tankou si tout mit te disparèt lè rezon te parèt, oswa tankou si lasyans te fèt sèlman nan mond oksidantal la. Konesans imen devlope atravè plizyè tradisyon, plizyè sant kiltirèl ak anpil echanj entelektyèl.
Nan devlopman lasyans, ekriti, matematik, obsèvasyon, eksperimantasyon ak deba kritik te jwe wòl enpòtan. Yo pèmèt moun prezève rezilta, konpare done, teste ipotèz epi korije erè.
Sepandan, gen yon danje lè nou asosye kapasite pou reflechi sèlman ak ekriti, epi kapasite pou pwodui konesans sèlman ak lang ki deja gen gwo pouvwa enstitisyonèl.
Lè sa rive, yon pèp kapab kòmanse konsidere pwòp lang li kòm yon lang ki fèt pou pale, chante, rakonte istwa oswa fè seremoni, men ki pa kapab esplike fizik, ekonomi, lalwa, biyoloji, medsin, matematik oswa filozofi.
Se la premye malè pandye a parèt: kreyòl la kapab jwenn plas li nan liv, nan konferans ak nan diskou ofisyèl, men li pa jwenn tout mwayen ki nesesè pou sèvi kòm yon lang ki pwodui konsèp, teyori, metòd ak dekouvèt syantifik.
Gen yon dezyèm danje ki pi sibtil. Nan efò pou bay kreyòl la prestij syantifik, nou kapab adopte modèl ekriti ak panse ki fè nou neglije relasyon lang nan genyen ak eksperyans, kominote, senbòl ak memwa.
Nou ta kapab pwodui tèks syantifik an kreyòl, men nou ta fè sa tankou yon senp tradiksyon yon panse ki deja konstwi lòt kote, san nou pa pèmèt eksperyans ayisyen an kontribye nan fason nou poze kesyon yo, chwazi sijè rechèch yo epi devlope konsèp yo.
Sa pa vle di tout konesans dwe fèt anndan yon sèl kilti. Okontrè, rechèch syantifik la benefisye lè diferan sosyete pote eksperyans yo, konpare rezilta yo epi egzamine agiman youn lòt.
Pwoblèm nan pa ekriti. Pwoblèm nan se lè ekriti sèvi pou diminye valè oraliti, lè rezon prezante tèt li kòm sèl pòt ki bay aksè ak konesans, oswa lè yon lang pèdi kapasite pou kreye nouvo sans apati eksperyans moun ki pale li yo.
Se pa pou nou chwazi ant oraliti ak ekriti. Se pou nou konstwi yon relasyon kote yo kapab konplete youn lòt.
- Mounite ak imanite: de dimansyon pou reflechi sou konesans
Pou nou avanse nan refleksyon sa a, nou kapab pwopoze yon distenksyon filozofik ant mounite ak imanite. Distenksyon sa a se yon pwopozisyon konseptyèl nou devlope nan atik la; se pa yon definisyon inivèsèl tout otè nou site yo ta nesesèman dakò avè l.
Mounite ta reprezante dimansyon relasyonèl, istorik, kiltirèl ak senbolik egzistans nou. Li parèt nan fason nou aprann pale, nan jan nou pran swen youn lòt, nan memwa nou pataje, nan rit nou, nan pwovèb nou, nan fason nou viv ansanm ak nan relasyon nou ak lanati.
Oraliti se youn nan espas prensipal kote mounite sa a eksprime tèt li. Atravè pawòl, chante, kont ak eksperyans pataje, yon kominote transmèt sa li aprann, sa li sonje ak sa li konsidere enpòtan pou lavi kolektif li.
Iminite, nan sans nou bay li isit la, ta reprezante kapasite moun pou pran distans ak premye enpresyon li, poze kesyon, konstwi agiman, chèche prèv, egzamine prensip li epi korije erè li. Ekriti, refleksyon kritik ak rechèch sistematik kapab ede devlope kapasite sa a.
Men, fòk nou evite mete de dimansyon sa yo nan de bwat ki pa janm rankontre. Moun ki pale kapab rezone. Moun ki ekri kapab rakonte mit. Yon pwovèb kapab envite yon refleksyon lojik, epi yon teyori syantifik kapab chanje fason yon kominote konprann tèt li.
Mounite pa dwe tounen yon lòt non pou konesans ki pa bezwen verifikasyon. Menm jan an tou, imanite pa dwe tounen yon lòt non pou yon rezon ki separe moun ak listwa, kò, emosyon ak relasyon sosyal li.
Objektif la se pa chwazi ant mounite ak imanite, ni ant oraliti ak ekriti. Se konstwi yon relasyon kote eksperyans kolektif ede poze kesyon, pandan metòd kritik ede egzamine repons yo.
Nan sans sa a, yon pwojè syantifik kreyolize ta dwe pèmèt eksperyans pèp ayisyen an sèvi kòm yon pwen depa pou rechèch, san li pa fèmen pòt sou konparezon, kritik ak konesans lòt sosyete yo pwodui.
- Ntu, Spinoza ak fòs vital la: ki lòt paradigm nou bezwen?
Nan rechèch yon lòt fason pou reflechi sou konesans, panse Ntu ak filozofi Baruch Spinoza kapab sèvi kòm de pwen depa. Yo pa soti nan menm tradisyon, ni yo pa devlope menm sistèm filozofik. Men, yo kapab antre nan yon dyalòg kritik sou relasyon ant egzistans, lavi ak konesans.
Nan plizyè tradisyon filozofik bantou, tèm ki gen rapò ak ntu parèt nan refleksyon sou egzistans. Vokabilè tankou Muntu, Kintu, Hantu ak Kuntu pran sans diferan selon lang, kominote ak otè yo. Se poutèt sa, nou pa dwe prezante tout tradisyon bantou yo kòm si yo te fòme yon sistèm ki idantik.
Nan kad pwojè filozofik sa a, nou kapab mete aksan sou relasyon ant moun, bagay, espas, tan ak fason diferan eleman sa yo patisipe nan egzistans. Lide fòs vital la kapab sèvi kòm yon zouti refleksyon sou lavi, mouvman, entèraksyon ak kapasite pou aji. Men, fòk nou presize lè n ap prezante li kòm yon entèpretasyon filozofik pa nou, olye nou atribye menm definisyon an ak tout tradisyon bantou yo.
Bò kote pa li, Baruch Spinoza devlope nan Éthique nosyon conatus la, ki refere ak efò chak bagay fè pou pèsiste nan egzistans li. Li prezante tou yon distenksyon ant diferan kalite konesans. Premye kalite a gen rapò ak imajinasyon ak eksperyans ki kapab mennen nan lide ki pa ase adekwa. Dezyèm kalite a se konesans ki soti nan rezon ak lide adekwa. Twazyèm kalite a se konesans entwitif la, ki gen yon sans byen presi nan sistèm filozofik li a.
Distenksyon sa yo enpòtan pou pwojè nou an. Nou pa ta dwe rele tout konesans ki soti nan tradisyon yon konesans primitif, ni prezante tout eksperyans oral kòm verite entwitif. Nan filozofi Spinoza, konesans entwitif la pa senpleman yon santiman, yon enpresyon oswa yon kwayans yon moun pa kapab esplike. Li fè pati yon demach filozofik ki gen pwòp egzijans li.
Enterè apwòch Spinoza a pou yon pwojè syantifik kreyolize se posiblite pou nou reflechi sou relasyon ant pati ak tout, ant moun ak lanati, ant eksperyans ak prensip ki òganize reyalite a.
Nan menm sans sa a, Boccara ede nou reflechi sou mit kòm yon sijè rechèch, Cassirer pèmèt nou egzamine fonksyon senbolik mit yo, epi Bataille louvri yon refleksyon sou dimansyon eksperyans imen ki pa fasil antre nan lojik itilite ak kalkil.
Sepandan, dyalòg ant filozòf sa yo pa vle di yo dakò youn ak lòt, ni li pa vle di konsèp yo genyen menm sans. Se yon demach konparatif ki mande pou nou respekte diferans ki genyen ant sistèm yo.
Apati dyalòg sa a, nou kapab pwopoze yon lòt oryantasyon pou lasyans an kreyòl: pa yon syans ki rejte rezon, men yon syans ki mete analiz kritik an dyalòg ak eksperyans vivan, memwa, imajinasyon, senbòl ak relasyon sosyal.
Se nan sans sa a nou kapab pale de yon paradigm syantifik kreyolize. Li ta dwe pwodui konsèp an kreyòl, devlope metòd ki adapte ak kesyon rechèch yo, egzamine konesans lokal yo avèk rigè epi mete rezilta li yo nan dyalòg ak lòt tradisyon syantifik.
Li pa ta dwe ranplase verifikasyon ak tradisyon. Li ta dwe pèmèt tradisyon an antre nan rechèch san li pa pèdi kapasite pou sibi kritik.
- Syans an kreyòl san kreyòl la pa pèdi kreyolite li
Fè kreyòl la tounen yon lang syantifik pa vle di sèlman mete mo kreyòl sou konsèp ki te deja fèt nan yon lòt lang. Sa mande pou nou rekonèt istwa lang nan, resous ekspresyon li, kapasite li pou kreye nouvo mo ak nouvo konsèp, epi posibilite li pou sèvi kòm yon zouti analiz nan tout domèn konesans.
Ann pran agrikilti kòm egzanp. Yon chèchè kapab kòmanse ak fason peyizan yo obsève sezon, tè, lapli, van, ensèk ak sik plant yo. Obsèvasyon sa yo kapab ede l idantifye pwoblèm epi fòme ipotèz. Men, pou li pwodui konesans syantifik, li dwe konpare obsèvasyon yo, kolekte done, teste ipotèz epi esplike limit rezilta li yo.
Nan domèn lalwa, yon jiris kapab analize pwovèb, koutim, pratik kominotè ak fason moun rezoud konfli. Men, li dwe distenge koutim ak règ legal ki an vigè, epi egzamine prèv, dwa fondamantal ak prensip jistis yo.
Nan filozofi, yon chèchè kapab antre nan dyalòg ak memwa kolektif, oraliti, Vodou, listwa esklavaj ak Revolisyon ayisyen an pou reflechi sou mounite ayisyen an. Men, li dwe defini konsèp li yo, esplike demach li epi bay lektè yo mwayen pou diskite agiman li yo.
Nan tout ka sa yo, kreyòl la pa sèvi kòm yon senp rad nou mete sou yon panse ki deja fini. Li sèvi kòm yon espas kote kesyon yo poze, konsèp yo devlope, prèv yo prezante epi rezilta yo diskite.
Pou sa rive, nou bezwen:
- Diksyonè syantifik ki rete ouvè pou revizyon.
- Liv inivèsitè ak materyèl pedagojik an kreyòl.
- Jounal syantifik ak piblikasyon rechèch.
- Tèminoloji espesyalize ki klè epi ki kapab evolye.
- Tradiksyon ki respekte presizyon konsèp yo.
- Komite evalyasyon ak pwosedi verifikasyon syantifik.
- Achiv dijital pou konsève epi pataje rezilta rechèch yo.
- Pwogram fòmasyon pou chèchè, pwofesè, tradiktè ak teknisyen.
Nou dwe pwoteje divèsite lang kreyòl la tou. Devlopman yon lang syantifik pa dwe sèvi kòm pretèks pou meprize ekspresyon rejyonal oswa fason diferan kominote pale. Lè yon tèm lokal pa ase presi pou yon itilizasyon teknik, nou kapab defini li, konpare li ak lòt tèm oswa pwopoze yon nouvo mo. Sa ki enpòtan se esplike chwa a epi sèvi avè l avèk konsistans.
Kreyòl syantifik la dwe kapab sèvi ak mo ki deja egziste, kreye lòt mo lè sa nesesè, esplike konsèp etranje epi adapte yo san li pa kache orijin yo.
Sa mande yon travay kolektif ant lengwis, syantis, filozòf, pwofesè, tradiktè, teknisyen ak moun ki pote konesans lokal yo.
Yon verite fondamantal rete: yon lang pa vin yon lang pwodiksyon syantifik sèlman paske nou deklare li syantifik. Li devlope kapasite sa a lè moun ak enstitisyon sèvi avè l pou poze kesyon, konstwi metòd, pwodui rezilta, verifye rezilta sa yo epi transmèt konesans lan bay lòt moun.
- Soti nan separasyon pou rive nan yon libète ontokosmik
Nan vizyon nou pwopoze a, youn nan gwo defi yo se depase opozisyon ki fè nou chwazi ant tradisyon ak modènite, ant mit ak rezon, ant oraliti ak ekriti.
Sa pa vle di nou dwe efase diferans ki genyen ant yo. Okontrè, nou dwe konprann diferans sa yo pou nou kapab konstwi relasyon ki pwodiktif ant yo.
Se nan kad sa a nou kapab sèvi ak ekspresyon libète ontokosmik kòm yon orizon filozofik. Nan sans atik sa a, ekspresyon an ta vle di kapasite moun pou konprann egzistans li nan relasyon ak tèt li, ak lòt moun, ak lanati, ak listwa epi ak sa ki depase enterè imedya li.
Se yon pwopozisyon konseptyèl ki mande pou nou defini tèm li yo epi devlope agiman ki soutni li. Li pa dwe prezante kòm yon konsèp ki deja gen menm definisyon nan tout tradisyon filozofik yo.
Yon libète konsa pa vle di nou rejte lasyans oswa teknoloji. Okontrè, li mande pou nou sèvi ak yo san nou pa redui moun nan yon senp mekanis pwodiksyon, konsomasyon ak kalkil.
Li envite nou poze kesyon sou finalite konesans lan: Pou kiyès n ap pwodui li? Ki pwoblèm li ede rezoud? Ki konsekans li genyen pou lavi kolektif? Ki plas li bay diyite moun? Ki efè li genyen sou anviwònman an ak ekilib lanati?
Pou Ayiti, kesyon sa yo gen yon enpòtans espesyal. Nan yon peyi kote aksè ak edikasyon rete yon gwo defi, kote anpil enstitisyon kontinye bay franse yon plas enpòtan, devlopman kreyòl kòm lang ansèyman ak rechèch kapab elaji aksè ak konesans epi ankouraje plis moun patisipe nan lavi entelektyèl peyi a.
Men, pou sa rive, fòk gen envestisman, materyèl pedagojik, fòmasyon pwofesè, piblikasyon syantifik, zouti dijital ak yon politik lang ki pran tout dimansyon sa yo oserye.
Lang kreyòl la pa bezwen pwouve li kapab eksprime panse. Li deja fè sa nan lavi chak jou, nan literati, nan politik, nan relijyon ak nan anpil lòt domèn. Sa ki rete pou konstwi se yon sistèm pwodiksyon ak validasyon konesans ki ba li tout mwayen pou li devlope kapasite sa a nan lasyans ak teknoloji.
- Ki malè ki pandye sou avni kreyòl la?
Malè pandye a pa nan lefètke kreyòl la ap antre nan lasyans. Li chita nan fason nou ta kapab antre nan lasyans san nou pa reflechi sou relasyon ki genyen ant lang, listwa, kilti, pouvwa ak konesans.
Gen yon premye risk: kontinye konsidere kreyòl la kòm yon lang ki kapab sèvi pou pale, chante ak rakonte, men ki pa kapab sèvi pou konstwi teyori, devlope metòd ak pwodui dekouvèt.
Gen yon dezyèm risk: devlope yon kreyòl syantifik ki meprize oraliti, senbòl, memwa ak eksperyans kolektif ki bay lang nan pwofondè li.
Gen yon twazyèm risk tou: konfonn valorizasyon konesans lokal ak akseptasyon san kritik tout sa tradisyon an transmèt. Yon pwojè syantifik ki pran eksperyans pèp la oserye dwe kapab dokimante pratik yo, egzamine yo, konpare rezilta yo epi rekonèt sa rechèch la poko pèmèt nou konnen.
Pou nou evite pyèj sa yo, nou bezwen yon pwojè syantifik kreyolize ki mete rigè metodolojik an premye, ki konsidere tradisyon oral kòm yon sous rechèch ki merite dokimantasyon ak analiz, epi ki louvri espas pou nouvo konsèp devlope apati eksperyans ayisyen an.
Se pa mit pou ranplase lasyans, ni lasyans pou efase mit. Se pou nou aprann egzamine sa mit pote, verifye sa ki kapab verifye, konstwi sa ki kapab demontre epi konprann relasyon ant konesans ak lavi.
Se pa oraliti pou ranplase ekriti, ni ekriti pou fè oraliti disparèt. Se pou pawòl la jwenn plas li nan liv, pou liv la retounen nan kominote a, epi pou konesans lan kapab sikile san li pa pèdi ni rigè ni sans imen li.
Nan okazyon 28 oktòb la, kesyon an depase selebrasyon yon lang. Li konsène dwa yon pèp pou li patisipe nan pwodiksyon konesans sou pwòp reyalite li, nan pwòp lang li, pandan li rete ouvè sou lòt pèp, lòt eksperyans ak lòt tradisyon syantifik.
Lang kreyòl la dwe kapab rakonte mond lan, entèprete mond lan, kesyone mond lan epi kontribye nan transfòmasyon mond lan.
Se nan kapasite sa a nou kapab chèche yon syans ki rete ouvè sou limanite, ki respekte mounite epi ki pa separe konesans ak responsablite nou anvè lavi.
Kreyòl la pa dwe rete sèlman lang kote nou rakonte sa nou konnen. Li dwe vin tou youn nan lang kote nou chèche konnen, teste sa nou kwè, konstwi nouvo lide epi pataje dekouvèt nou ak limanite.
Referans bibliyografik
Bataille, G. (1973). Théorie de la religion. Gallimard.
Boccara, M. (2002). La part animale de l’homme : Esquisse d’une théorie du mythe et du chamanisme. Anthropos.
Cassirer, E. (1946). Language and Myth (S. K. Langer, Trans.). Dover Publications. (Travay orijinal la te pibliye an 1925.)
Laroche, M. (1991). La double scène de la représentation : Oraliture et littérature dans la Caraïbe. GRELCA, Département des littératures, Université Laval.
Spinoza, B. (1913). Éthique (C. Appuhn, Trad.). Garnier. (Travay orijinal la te pibliye an 1677.)
Zundel, M. (1963). Je est un autre. Desclée de Brouwer.