Sonson Mathurin te envite moun lakay li, anba zanmann, pou chita sou ti chèz ba ansanm, pataje yon bon moman ki te gen ladan l : bwè soup joumou, pran 2–3 kout tafya, rankontre ansyen ak nouvo figi, epi asiste komedyen Youyou (Édouard Baptiste) ki t ap jwe pyès “Pye kase”, ki rakonte listwa yon aksidan ki rive Jacques Adler JN Pierre Ozetazini.
Se te premye fwa mwen patisipe nan anbyans sa. Mwen pap di malerezman, Bondye ak lwa yo konnen poukisa sa fèt konsa. Men kite m pataje ak nou santiman m ak sa m te konprann nan eksperyans sa.
Douvan papòt la, mizik “Èzili Freda” gwoup RAM lan akonpaye m pou m antre nan lakou a, ki gen baryè l ouvri sou bò dwat lè w travèse ri Difò, zòn kote fakilte lengwistik la ye. Rantre andedan, mwen wè moun tout kalite : gen ki chita sou ti chèz pay, gen ki kanpe ap koze, lòt ap fè ale tounen. Sou mi yo, foto Jacques Stephen Alexis, Lobo Dyab Avadra, Èzili, elatriye, montre klèman ke w lakay yon moun ki sèvi lwa epi ki gen panchan pou literati.

Zanmi ki te envite m lan prezante m bay mèt lakou a. Sonson Mathurin leve, salye m, epi al chache kwi soup pa m. Avan menm soup la rive, mwen te kontan rankontre kèk kamarad fakilte ki te la tou. Sonson pote ban mwen yon bèl kwi soup joumou, byen pwès, plen viv ak vermisèl, san m pa peye yon goud.
Tout moun te bwè soup. Plizyè boutèy kleren ak kafetyè kafe te rete nan yon kwen pou sila ki te vle pran mezi yo. Jan afich la te anonse, Youyou te jwe pyès “Pye kase”. Menm moun ki t ap sòti legliz Shekinahina a te fè yon ti kanpe pou gade. Pyès la, ki dire anviwon 30 minit, rakonte kijan Adler te fè yon aksidan sou yon twotwa kouvri ak nèj pandan li ta pral pale sou endepandans Ayiti, espesyalman sou soup joumou UNESCO rekonèt kòm patrimwàn mondyal.
Nan diskou Sonson Mathurin, mwen aprann li se yon militan politik ki pwopoze de eslogan : “Viv pou sèvi” ak “Sèvi pou viv”. Pita, nan ti pale ak kèk moun, mwen vin konnen tou li se direktè lekòl ak pwofesè matematik. Yon pèsonaj ki pote plizyè chapo.
Li klè, anba zanmann kay Sonson Mathurin, se youn nan kote depi w antre, dimansyon w kòm moun ak kòm Ayisyen ogmante. Mèsi zanmi, paske fwa sa lwa yo te ba w misyon pou envite mwen.
Michelle Régis